Nan atak bandi ak zam te fè sou zòn Devarye, Lakoup ak mache Kana ki tou pre Laskawobas ayè jedi 3 jiyè 2025 lan, plizyè ladan yo ta jwenn lanmò yo. Selon deklarasyon ajan enterimè zòn nan, Fredner Joseph, fè sou Radyo Karayib jodi vandredi 4 jiyè 2025 lan gen 2 sivil ki mouri akoz prezyon nèg yo, epi genyen yon polisye ak yon ansyen ajan Brigad Lè Pwoteje (BSAP) ki mouri ak yon lòt ki ta nan men bandi yo.
Nan divès videyo ki pibliye sou rezo yo, nou rive wè gen efektivman plizyè bandi ki ta jwenn lanmò yo. Gen ladan yo ki te menm pote bal pou kapab kontinye teyorize popilasyon an. Men, gras ak divès polisye epi brigadye se pito kèk nan yo menm ki rive viktim.
« Nou gen yon polisye ki rive pèdi lavi li ki se Duckenson, nou g on w polisye ki se Roland Raphaël ki touche », daprè premye eleman enfòmasyon ajan enterimè a bay nan yon entèvyou nan jounal Premye Okazyon sou Radyo Televizyon Karayib jodi vandredi 4 jiyè 2025 lan. Anplis sa a, li site gen yon ansyen ajan BSAP ki t ap ede ki mouri epi gen youn bandi yo ale ak li.
Pou sa ki gen pou wè ak dega materyèl, otorite a fè konnen bandi yo te rive boule plizyè kay nan mache Kana ak zòn sou kote yo. E li fè konnen, gang ak zam yo toujou kontwole zòn Devarye ki se yon seksyon kominal Mibalè. Konsa tou, li soulinye pandan atak la nèg ak zam yo pa t antre Laskawobas e pou kounye a otorite polisyè yo gen kontwòl vil la.
Selon Fredner Joseph, objektif bandi yo se ta pou pase Laskawobas pou rive kraze pelig pou atenn Mibalè pi byen. Men tou, li te pwofite voye yon pinga bay nèg ak zam yo paske li fè konnen abitan yo pare pou fè fas kare ansanm ak tout bandi ki vle ba yo pwoblèm.
©Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025