Plizyè dizèn Ayisyen ki ap viv Lafrans te fè yon mach “Blanch” sòti plas Repiblik rive plas la Nasyon jodi samdi 22 mas 2025 lan pou te manifeste kont ensekirite ki an Ayiti a. Nan mach pasifik sa a, anpil nan konpatriyòt yo pa t kache tou pou mande Lafrans peye Ayiti dèt endepandans lan.
«Twòp san koule, lapè pou Ayiti», daprè deklarasyon foul moun sa a ki te pran lari sou inisyativ Asosiyasyon Tèt Ansanm nan Pari. Yo fè konnen yo fè aksyon sa a se nan lide pou kapab montre solidarite yo ak chak grenn Ayisyen k ap viv epi viktim nan ensekirite a.
Yon lòt kote, atravè pankat ki te nan men yo, yo te mande Lafrans pou peye dèt endepandans yo dwe Ayiti a. Gen lòt menm ki te pwofite voye yon mesaj klè bay lemonn pou mande pou kèlkeswa moun li ye a respekte pèp ayisyen an.
Pandan mach sa, sitwayen sa yo pa t pè di e montre kilès yo ye tou. Drapo nan men, mete sou abiman blan, ble ak wouj, se konsa yo t ao mande lapè pou peyi a. N ap soulinye, mach sa fèt nan moman gen gwo mouvman k ap fèt nan plizyè vil nan peyi sa kont rasis ak fasis.
Fòk nou di, mouvman sa fèt nan yon moman kote espòtif ayisyen an, Naomi Osaka te li menm leve vwa li pou mande menm lajan sa a tou. Responsab Asosiyasyon Tèt Ansanm nan Pari fè konprann yo pap kanpe toutotan bagay yo pa chanje an Ayiti.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025