Nan yon nòt yo rann piblik jodi jedi 13 mas 2025 lan, Asosyasyon Jounalis Ayisyen (AJH) ak Asosiyasyon Nasyonal Medya Ayisyen yo (ANMH) denonse ak tout fòs yo dife bandi ak zam mete nan lokal Radyo Televizyon Karayib la (RTVC). Yon aksyon ki pase nan lannuit 12 pou louvri jedi 13 mas 2025 lan.
Asosyasyon Jounalis Ayisyen yo mande otorite yo nan leta a pou yo pran dispozisyon nesesè pou kenbe bandi, otè ak konplis moun ki mete dife a. Yo kwè zak sa mete an danje pwogrè demokratik yo depi kòmansman tranzisyon an nan ane 1986 epi ki menase egzistans nou kòm pèp.
Nan nòt sa, asosiyasyon jounalis yo konsidere aksyon sa tankou yon zak kriminèl. Pou li, se sitou yon atak grav sou libète laprès, libète ekspresyon ak demokrasi an Ayiti.
Nan bò pa yo, AJH mande ak tout jounalis, pwopriyetè medya, asosyasyon jounalis ansanm ak travayè laprès yo pou yo fè yon sèl kont dezòd sa a ki vize fondasyon nasyon an.
«Se yon wont aprè tout ane sa yo, leta pa bay tèt li mwayen e li pa demontre ase volonte pou fini ak rèy bandi yo», se sa ANMH deklare nan bò pa li.
Asosiyasyon medya yo raple kantite zak malonèt gang ak zam yo fè nan peyi a. Se pou sa yo deklare : «Jiskounye a, bandi yo te chase plizyè milye fanmi nan diferan katye nan kapital la ak kraze osnon piye enstitisyon referans. Lekòl, katye jeneral enstitisyon piblik, jounal, bibliyotèk, penitansye, komisarya, laprès nasyonal, konpayi prive, elatriye».
Aprè tout sa yo, ANMH mande ak responsab yo nan leta a pou reveye yo pou lòd ka retabli Pòtoprens. Li mande sa, se yon fason pou manm popilasyon an, enstitisyon yo ak tout moun ki chwazi kontinye viv ak fonksyone nan peyi a kapab fonksyone san kè sote.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025