Jounen ki te vandredi 9 Septanm 2022, Anie Alerte ak tout ekip li t ap eseye antre nan plizyè lokalite nan depatman Nò a, presizeman Tèrye Wouj, Fò Libète, Valyè, Fayeton, Malfeti, elatriye, nan objektif pou yo t al reyalize yon klinik mobil epi ofri medikaman gratis avèk kèk sila yo ki gen bezwen. Pandan vwayaj sa yon altèkasyon eklate ant staff atis la ak kèk moun ki te bare wout la pou pwoteste kont sitiyasyon peyi a, sa ki ta pral lakoz yon fi ki se moun Tèrye Wouj pran bal. Selon enfòmasyon yo, se t a yon manm ekip Anie Alerte la ki tire.
Atis Anie Alerte te fè konnen nan yon videyo sou paj li, pwoblèm gaz li te rankontre kòm Difikilte. Aprè kèk minit li te rive jwenn gaz la ak tout ekip li yo. Kidonk nan popilasyon, atis la ak estaf li te kontinye vanse avèk objektif li, malgre plizyè lokalite te gentan mete Barikad nan tout rakwen yo.
Selon temwanyaj moun nan zonn yo: ” Ekip Anie Alerte la te rankontre blokis akoz Barikad ak dife ki t ap limen nan zonn yo, se konsa youn nan ekip la te desann al pale avèk kèk moun ki te dèyè Barikad yo”.
Plizyè kote nan peyi a te konnen anpil mobilizasyon semenn ki sot pase a, kote yo t ap reklame Sekirite, gaz, pou lajan ameriken an bese epi mande pou premye minis defakto Ariel Henry kite tèt peyi a.
”Poutan, Ekip Anie Alerte pa te rive metrize sitiyasyon, kote anpil katouch te pral deklanche jiskake yo t ap tire san wete, sak te pral lakoz yon fanm ki gen ti non Didine te rive pran yon bal nan do pandan li te chita Lakay li”, toujou selon temwanyaj moun nan zonn yo.
Anie Alerte se yon atis ki toujou vle kontribye ak kolabore avèk popilasyon an, se yon plezi pou li fè pwomosyon ak konseye anpil moun pou yo ede peyi a.
Jou vandredi sa, Anie Alerte ak ekip la te rive tonbe nan yon gwo akochay : ” Malgre tout tantativ yo te fè pou yo te ale aprè kòlè popilasyon akoz dam nan ki te pran bal la, Barikad te pral anpeche ekip Anie alerte la chape po yo, anplis ta sanble yo t ap bwè alkòl aprè yo te fin manje vyann cheval yo epi yo te gen plis pase 10 zam nan machin yo”, toujou selon deklarasyon abitan nan zonn lan.
Youn nan manm ekip Anie Alerte la te pral resevwa plizyè kou nan men sila ki te kouri dèyè li yo, akoz se li ki ta sanse t ap tire sou yo epi bay fi a bal la, se larezon kèk moun ki te pral fè yo mennen li nan komisarya olye yo touye li. Malgre youn nan machin nan estaf ekip la ta boule rapye tè akoz kòlè popilasyon an.
Nan moman n ap pale la, viktim ki te pran bal la jiskaprezan gen difikilte pou li opere akoz pwoblèm lajan, malgre nan estaf Anie alerte la ta sanble plizyè pyès enpòtan yo pèdi, tankou paspò ak kat kredi yo, elatriye.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022