Daprè yon rapò Òganizasyon Entènasyonal Migrasyon (OIM) pibliye jodi madi 14 janvye 2025 lan, plis pase yon milyon moun kouri kite kay yo nan peyi a pandan ane 2024 la. Nan rapò sa, ajans onizyèn nan revele moun sa yo kouri nan mitan yon kriz imanitè ki vin pi rèd ak vyolans gang yo ki gaye toupatou.
OIM revele se yon total 1 041 000 moun ki deplase kite kay yo, pami yo, yo soulinye gen anpil ki kouri plizyè fwa deja. Sa ki fè kantite moun ki deplase yo vin 3 fwa plis pou ane 2024 la puiske an desanm 2023, chif la te ak 315 000 sèlman.
«Nan Pòtoprens sèlman, moun ki deplase yo prèske double, paske chif yo ogmante ak 87%. Se zak vyolanz gang yo ki kreye mouvman kouri popilasyon an, li lakoz sèvis esansyèl tankou lasante kraze, epi li fè pwoblèm grangou a vin pi grav», se sa nou li nan rapò OIM nan.
Pi lwen, Òganizasyon Entènasyonal Migrasyon fè konnen pi fò moun ki kouri pou sove anba zak kriminèl yo sòti nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan. Daprè sa l di, anpil nan yo oblije al pran refij yo nan vil pwovens yo e konsa genyen ki anvayi kan ki te genyen deja yo.
Nan sa ki gen pou wè ak depatman Latibonit, òganis la eksplike pou ane 2024 la, kantite moun ki kouri yo te 3 fwa plis, sa ki te bay 84 000 deplase entèn.
Nan dokiman sa, ògàn entènasyonal la plede pou kòz timoun yo. Se sa k fè, yo deklare : «zak vyolans gang yo pa sèlman touche granmoun yo, men tou yo lakoz timoun yo akfekte sitou lè y ap kouri kont atak bandi yo». Nan sans sa, OIM kwè timoun yo viktim anpil puiske yo reprezante plis pase mwatye nan popilasyon an ki deplase.
Fas ak sitiyasyon sa, Amy Pope ki se direktè jeneral OIM nan estime Ayiti bezwen bon jan asistans imanitè pou soutni yo yon fason pou kapab sove ak pwoteje lavi yo. «Nou dwe travay ansanm pou jwenn koz rasin vyolans ak enstabilite ki te lakòz anpil moun mouri yo», se deklarasyon responsab la.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025