Rezo Nasyonal K ap Defann Dwa Moun yo (RNDDH) fè konnen jodi lendi 31 mas 2025 la gen 532 prizonye ki rive sove nan prizon prizon sivil Mibalè a. Endividi sa yo pran lari se aprè gwo atak bandi fè byen bonè nan zòn sa kote yo kraze prizon an epi boule plizyè kay e fè divès lòt dega. An konsekans, nan operasyon lapolis mennen nan tèt kole ak popilasyon an gen plizyè bandi ak zam ki jwenn lanmò yo tou.
Selon presizyon youn nan responsab RNDDH yo, Marie Rosie Auguste Ducéna, pami 532 prizonye sa yo genyen 467 ki potko jije. Poutan, yo tout chape poul yo jodi a. Fòk nou di, plizyè videyo ki t ap pataje sou rezo sosyo yo montre tou dife nèg ak zam yo te mete nan plizyè pati nan prizon an.
Pou sa ki gen pou wè ak operasyon lapolis mennen nan tèt kole ak popilasyon an, plizyè imaj montre kò plizyè bandi ki ta tonbe. Endividi sa yo te nonsèlman gen zam nan men, men yo te genyen mayo ki make Taliban 400 mawozo. Sa ki fè pou kounye a, selon pòt pawòl adjwen lapolis la, Lionel Lazarre, fòs lòd yo rive repouse gang yo epi repran kontwòl komisarya a.
N ap fè konnen, nan atak sa bandi te kòmanse fè dega depi sòti Kwadèboukè pase pran komisarya Tè Wouj la pou yo te bout nan vil Mibalè a. Yo te atake Lopital inivèsite Mibalè a, epi te pase anba flanm dife plizyè estasyon gaz. Aksyon sa a rive nan depatman Sant peyi a aprè gwo menas menm endividi sa yo t ap lanse depi byen lontan kont zòn sa a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025