Nan yon kominike depatman sekirite ameriken pibliye jodi vandredi 27 jen 2025 lan, yo fè konnen yo pran desizyon pou mete fen ak Estati Pwoteksyon Tanporè a (TPS) pou Ayisyen yo. Mezi sa konsène 520 694 Ayisyen e li ap antre an aplikasyon 2 septanm k ap vini la, aprè dat ekspirasyon TPS Ayisyen yo, ki fikse pou 3 dawout 2025 lan. Sekretè sekirite enteryè a, Kristi Noem, di pa gen pyès rezon ki jistifye TPS pou Ayiti ankò puiske sitiyasyon peyi a, selon li menm, amelyore.
Responsab la fè konprann aprè li fin konsilte plizyè enstitisyon ak ajans gouvènman ameriken an, yo estime Ayiti pa ranpli kondisyon legal pou l ta benefisye pwogram TPS la. Daprè sekretè Kristi Noem, « kondisyon anviwonmanral an Ayiti a bon jan amelyore pou sitwayen ayisyen yo retounen lakay yo san kè sote ». Pou yo menm desizyon sa a ap mete lòd nan sistèm imigrasyon ameriken an pandan li raple TPS la se yon estati tanporè li ye.
Selon estimasyon DHS te fè nan mwa jiyè 2024 la, gen 520 694 Ayisyen ki te elijib pou TPS la. Ajans Reuters, bò kote pa li, estime gen 521 000 moun desizyon sa a ap bay pwoblèm.
Nan sans sa a, gouvènman ameriken an ankouraje Ayisyen yo itilize aplikasyon “CBP Home” nan yon fason pou òganize retou yo an Ayiti. Li fè kwè yo ka fè demann pou lòt fòm regilarizasyon, si dosye yo bon pou sa.
N ap raple, sa pa gen lontan depi menm responsab ameriken sa yo ki mande pou Ayisyen antre lakay yo koz sitiyasyon an vin bon an, te mande pou resòtisan ameriken yo antre Etazini. Se anbasad la menm ki te fè anons sa paske yo estime ameriken yo an danje an Ayiti.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025