Daprè Òganizasyon Entènasyonal Migrasyon (OIM) se yon total 4 201 moun ki kouri kite lakay yo nan Taba, Dèlma ak Pòtoprens pou vyolans gang. Bilan sa pibliye aprè atak gang yo nan dat jedi 17 oktòb 2024 la.
Nan yon kominike li rann piblik jounen lendi 20 oktòb 2024 la, OIM fè konnen nan Pòtoprens ak Dèlma gen 3 487 moun ki kite kay yo. Tandiske nan Taba menm, genyen 714 lòt ki kouri aprè atak gang yo fè zòn sa a.
Nan detay li bay yo, òganizasyon entènasyonal la di 61% nan moun sa yo ki egal ak 2 565 moun, al pran refij yo nan sit ki te la deja mete sou 3 lòt ki fenk kreye aprè atak la. Rès moun yo ki reprezante 39%, yo menm yo al pran refij kay yon fanmi.
Se yon sitiyasyon ki pèmèt kantite moun ki kouri kite kay yo ap vin pi plis chak jou. Nan sans sa, akoz gwo deplasman sa yo, OIM nan rapò li pibliye fè konnen gen gwo nesesite pou genyen plis aksan sou bezwen ijan nan kesyon repons imanitè ki dwe genyen san prese nan peyi a.
CP: Le Parisien
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024