Fenomèn ensekirite a frape tout sektè nan peyi a, espesyalman sektè transpò a, selon bilan prezidan Asosyasyon Pwopriyetè Chofè Ayiti (APCH), Changeux Méhu, jounen lendi 26 desanm 2022 a, nan radyo Magik 9. Nan entèvyou sa, li t ap eksplike ansanm materyèl ak moun yo pèdi nan sektè sa pou ane a.
Sendikalis Changeux Méhu te prezante konsekans ratman gaz la, sitou move kalite gaz chofè yo pran nan lari a:«Sektè transpò a te konnen vrèman yon moman difisil, nou gen anpil machin ki elimine akoz move gaz, kote ponp enjeksyon yo deranje ki anviwon 30 machin nan transpò piblik ki viktim.»
Gwo tansyon ak manifestasyon te deklanche pou ane a nan plizyè vil pwovens ak nan kapital la, akoz desizyon gouvènman anplas la te chwazi ogmante pri gaz la. Anplis fenomèn ensekirite a ki pa sispann fè chofè machin ak moto viktim pandan y ap pase sou wout yo, reprezantan sendika transpò a te ajoute «Plis pase 15 chofè bandi boule tou vivan anndan machin yo, 9 lòt ki blese anba bal bandi, men ki pa mouri epi 23 machin yo vòlè, pyès moun pa konn kote yo pase. Gen 64 machin yo kidnape pou nou epi 132 pasajè ak chofè yo kidnape pou nou, bandi te libere gras avèk lajan yo. Anplis, 17 machin ki te boule anba ponp akoz batay ak dife ki te pran anba ponp nan moman pwoblèm gaz te eklate.»
Sel9n sendikalis la, sitiyasyon ensekirite ak pwoblèm gaz pou ane a, vrèman fè anpil mal avèk sektè a, kote li ogmante pri machandiz yo epi pri transpò yo nan lari a. Kote gen anpil chofè ki oblije peye pou yo pase nan gran sid la ak nò a« Nou paka regle chak grenn machin k ap pase ki peye, men pou machin Jakmèl ak Miragwann yo chofè yo peye 5000 goud an 2 vèsman sou wout la, ni lè y ap ale ak retounen yo epi chofè Okay yo peye 2500 goud pou travèse nan wout sid la. Pou zòn nò a, yo peye mwens kòb, men pafwa zòn Kanaran konn vrèman enpratikab.», deklarasyon Changeux Méhu sou fason chofè yo peye pou yo pase nan wout la.
Plizyè chofè chwazi kanpe machin yo, paske yo pa chwazi peye bandi pou yo travèse ni ede yo achte minisyon pou touye moun ak kidnape yo.
Prezidan Pwopriyetè chofè Ayiti, Changeux Méhu, te avwe «Nou pa bezwen bay tèt nou manti, 70% nan nou paka kenbe, se pa sèl mwen menm. M oblije kanpe 3 bis mwen te gen nan wout la pou evite peye bandi pou m travèse avèk pasajè. Leta sanble fè yon sèl avèk bandi yo, se pa posib.»
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022