Nan yon dènye rapò li pibliye sou atak gang yo, Òganizasyon Entènasyonal Migrasyon (OIM) releve genyen antou 10 056 ki kouri kite kay yo pou atak gang. Moun sa yo se nan Taba, Dèlma ak Pòtoprens yo kite.
Dènye rapò sa ki rann piblik jounen jedi 24 oktòb 2024 la, fè konnen nan 10 056 moun sa yo genyen 8 361 ladan yo ki kouri aprè atak ki te fèt nan Pòtoprens, nan Dèlma ak nan Solino nan dat 17 oktòb pase a.
Pou sa ki gen pou wè ak komin Taba, rapò a revele se yon total 1 695 ki deplase kite kay yo pou vyolans bandi yo.
Daprè sa OIM di, 55% moun ki egal ak 5 557 moun al pran refij yo nan 14 sit. Ladan yo, gen 10 sit ki te deja egziste epi 4 lòt ki fenk fèt aprè atak gang yo.
Pou fini, òganizasyon an fè konnen genyen 45% moun ki al pran refij kay yon fanmi. N ap fè konnen, dènye rapò sa fè vini aprè sa OIM te pibliye nan dat 20 oktòb pase a, kote l te fè konnen gen plis pase 4 000 moun ki te kouri kite kay yo nan zòn nou sot site la yo akoz atak gang.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024