Daprè ajan egzekitif enterimè Kenskòf la, Massillon Jean, gen plis pase 3 500 moun ki gentan kouri kite kay yo pandan atak gang yo. Yon atak ki kòmanse depi lendi 27 janvye 2025 lan.
Nimewo 1 komin Kenskòf la ki t ap pale sou radyo Magik 9, deklare kèk nan moun sa yo ki kouri kite kay yo a al pran refij yo nan plizyè espas tankou lokal meri a, lekòl nasyonal Fisi a. An menm tan an, li soulinye gen lòt ki al refijye yo sou plas Senpyè nan Petyonvil.
Chif moun ki kouri pou zak bandi yo nan peyi a kontinye ap ogmante. Alòske, dènye rapò Òganizasyon Entènasyonal Migrasyon yo (OIM) ki te pibliye 14 janvye pase a, te revele plis pase yon milyon moun deplase anndan peyi a. Kèk jou aprè rapò sa, plizyè milye fanmi deja kouri kite kay yo nan Kenskòf pou chape anba vyolans gang yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025