Jounen jodi madi 17 janvye 2023 a, sekretè jeneral Rezo Nasyonal Dwa Moun (RNDDH), Pierre Esperance, te reyaji nan radyo Magik 9 sou desizyon Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè (CSPJ), pou li te mete 30 jij sou kote ayè lendi 16 desanm 2023 a, akoz eskandal ak zak koripsyon non yo te site, elatriye.
Selon Pierre Esperance : « Lè nou gade nan lis la, nan kad travay yo, nan konpòtman yo nan sistèm lan, nou kapab di Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè fè yon bon travay epi yo rann yon bon sèvis avèk Larepiblik.»
Lendi an, Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a te mete yon lis anviwon 30 jij deyò akoz yo pa sètifyè pou pwoblèm entegrite moral, abi otorite, mete prizonye deyò pou kòb, sezi kay moun, elatriye.
« Depi egzistans Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè nan mwa jiyè 2021, se premye fwa enstitisyon sa rann nasyon an yon travay konsa, gen yon seri aktè nan sistèm lan ki te panse yo puisan ak entouchab, ki revoke jounen jodia. Sitou gen kèk jij ki gen dosye nan Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè ki konn pran sanksyon kont yo epi mete yo sou kote, men ki retounen epi rekòmanse nan menm pratik la parapò avèk kwentans yo», pawòl sekretè Jeneral Pierre Esperance nan mikwo Panel Magik.
Jounen jodi a nivo ensekirite ak enpinite k ap ogmante an, Pouvwa Jidisyè responsab tou « Lajistis Ayisyen jwe wòl enpòtan nan kenbe klima enpinite ak koripsyon nan peyi a», selon sa Pierre Esperance di.
N ap raple komisè gouvènman Jacques Lafontant, te denonse matrakaj k ap fèt nan sistèm Pouvwa Jidisyè kont li epi pwente dwèt li sou Pierre Esperance ki se Sekretè Jeneral Rezo Nasyonal Dwa Moun ayè lendi an nan Jounal premye Okazyon sou Karayib.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023