Minis ekonomi ak finans lan, Ketleen Florestal anonse Ayiti pa dwe 2.2 milya dola ameriken li te gen pou Venezwela a ankò. Selon sa minis la fè konnen sou Radyo Magik9 se Venezwela menm ki pran desizyon pou anile 1.7 milya dola ameriken nan kòb sa Ayiti te genyen pou yo a.
Si nou kwè deklarasyon minis la, anons sa vini aprè antant 2 peyi yo te jwenn depi nan mwa janvye 2024 la, sou gouvènman ansyen premye minis Ariel Henry a. Pou desizyon sa te pran bò kote otorite venezwelyen yo, minis Florestal fè konnen otorite ayisyen yo nan bò pa yo te peye yo 500 milyon dola ameriken nan dèt yo te gen pou yo a.
Selon detay jounal Le Nouvelliste bay, 500 milyon dola ameriken sa ki te bay la pa t sòti nan trezò piblik la. Men, yo soulinye lajan an t ap sanble sou yon kont ki te bloke nan peyi Hugo Chavez la, kote chak mwa otorite ayisyen yo te konn mete 9 oubyen 10 milyon sou li. E se tout lajan sa yo ki te vin rive nan chif nou sot bay la ki te pèmèt yo peye otorite venezwelyen yon pati nan kòb la, daprè sa nou li nan yon atik yo pibliye.
N ap fè konnen, antant sa kote Venezwela anile 1.7 milya dola ameriken nan dèt la fèt aprè gwo gaspiyay ki te gen nan dosye lajan Petro caribe a. Avan desizyon sa, Ayiti te gen pou l peye Venezwela 2.2 milya dola vèt.
N ap raple se nan lane 2008 Ayiti, ki se youn nan peyi ki siyen akò pwogram «PetroCaribe» a, te resevwa premye livrezon gaz li. Se Biwo Jesyon Pwogram pou Ede ak Developman (BMAP) ki te gen responsablite pou jere pwojè sa ak benefis yo te dwe sèvi nan ede nan pwojè sosyal ak developman. Se nan mwa jen 2018, otorite Venezwelyen yo te kanpe akò a ak plizyè peyi pami yo Ayiti.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024