Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

Pandan 2 lane 5 kesyè mete ansanm epi vòlè 22 milyon goud nan EDH daprè ULCC

Mag Haiti by Mag Haiti
September 3, 2024
in Société
0
Pandan 2 lane 5 kesyè mete ansanm epi vòlè 22 milyon goud nan EDH daprè ULCC

Daprè yon rapò Inite Lit Kont Koripsyon (ULCC) sòti janvye 2021 pou rive janvye 2022, genyen 22 759 671.13 milyon goud ki detounen nan Elektrisite Ayiti (EDH). E daprè sa anketè yo fè konprann lajan sa ki disparèt la se 5 fanm ki t ap travay sou kès yo ki pran kòb gwo kòb sa.

Rapò sa ki rann piblik jounen madi 3 septanm 2024 la, sòti aprè ankèt sou diferan plent ULCC di li te resevwa sou move jesyon konsèy administrasyon EDH la fè nan enstitisyon leta a.

Nan kad ankèt sa Inite Lit Kont Kòripsyon te tanmen an, direktè administratif bwàt leta a, Joachim Jose Davilmar te reponn kesyon. Daprè sa rapò a di, mesye Davilmar deklare li pa gen anyen pou wè ak lajan enstitisyon an, men se pito direktè jeneral la, direktris finansyè a ak direktè planifikasyon an ki kapab siyen pou retire lajan.

Administratè a soulinye tou li jwenn pòs sa 5 avril 2022 e li te enstale nan dat 7 avril 2022. Pou sa ki gen pou wè ak lajan ki detounen nan enstitisyon an, Davilmar te reponn konsa « Mwen te mande pou kesyè yo travay an woulman. Anyen pa t fèt malgre demach mwen yo, e se lè sa mwen resevwa yon korespondans ki sòti nan DF ki di chèf lajan kach enfome li pandan bon tan genyen lajan k ap disparèt nan kofrefò a».

Li ale pi lwen pou l di se nan rapò DF voye ba li yo li jwenn se kèk moun k ap travay sou kès yo ki pran kòb e se chak sa yo pra ki bay montan sa. Toujou daprè sa Joachim Jose Davilmar di, li te aji rapid pou l te sòti yon avi kote l te mande pou te kenbe sispèk yo.

Li soulinye tou, nan avi a tout koupab sa yo te jwenn revokasyon yo touswit selon sa atik 65 règleman entèn EDH la di.

Se antou 5 kesyè ki responsab gwo lajan sa rive disparèt nan EDH. Rapò a site Chantale Jean Thomas, Naomi Cantave, Cindy Monia François, Elimise Valbert Pierre, ak Edmonde Célestin kòm koupab yo.

Chantale Jean Thomas vòlè 358 779.90 goud nan yon premye tan. Nan mwa jiyè 2021 li te pran 278 253.00 goud, 151 652.00 goud
nan mwa dawout epi nan mwa novanm ak desanm menm li te leve 1 362 830.07 goud ak 1 414 881.61 goud. Sa ki fè, sèlman li menm vòlè yon total 3 566 396.58 goud nan EDH.

Naomi Cantave ki li menm detounen 3 127 520.73 goud sòti mwa me pou rive nan mwa dawout nan menm ane a. Li ta pral foure men pran 4 gwo lajan ankò, sa ki bay yon total 17 227 902.87 goud.

Nan mwa jiyè 2021, Cindy Monia François li menm te pran 250 699.76 goud. Nan mwa novanm ak desanm, li te vòlè youn aprè lòt 1 007 530.52 goud ak 5 000.00 goud sa ki fè l 1 263 230.28 goud.

Elimise Valbert Pierre bò kote pa l, vòlè pandan mwa novanm ak desanm 2021 an 462 045.00 ak 75 000.00 goud. Epi nan mwa janvye 2022, li te foure men pran 30 097.00 goud sa ki fè li te jwenn 567 142.00 goud.

An menm tan an, genyen Edmonde Célestin nan mwa janvye 2022 pase a 135 000.00 goud t al nan pòch li. N ap soulinye, kesyè Elmise Valbert Pierre te jwenn arestasyon l aprè yon rekèt EDH te siyen yon rekonesans dèt pou l te peye 725 000.00 goud.

Se sa k fè, aprè tout ankèt li mennen sou kantite lajan ki disparèt nan EDH la, ULCC mande sou plan administratif pou responsab yo mete kanpe yon sistèm kontwòl enfòmatik djanm, epi entegre plizyè ajans ak biwo k ap kolekte lajan pou EDH. Li mande tou pou yo ranfòse jesyon finansye EDH la pou l ka pi byen ranpli wòl li yo.

Sou plan penal, yo mande pou lajistis mare 5 medam sa yo pou detounman byen piblik. Menm jan lalwa 12 mas 2014 la di l nan atik 5.4 la.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024

Comments

commentaires

Nombre de vues: 514
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

ULCC mande pou lajistis ayisyèn mare ansyen Minis Aviol Fleurant pou magouyè

Next Post

ULCC mande pou lajistis mete anba kòd ansyen minis Pierre Ricot Odney ak Jemley Jean Baptiste

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
ULCC mande pou lajistis mete anba kòd ansyen minis Pierre Ricot Odney ak Jemley Jean Baptiste

ULCC mande pou lajistis mete anba kòd ansyen minis Pierre Ricot Odney ak Jemley Jean Baptiste

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,744)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,982)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (34,144)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,904)

Nouveaux Articles

  • Prezidan KPT a mande Premye minis Alix Didier Fils-Aimé rapò sou plizyè dosye leta enplike ladan yo
  • Leta ayisyen ak anbasad amerikèn kondane dife gang mete nan otèl Oloffson nan
  • Sanction du Barreau : Me Caleb Jean-Baptiste dénonce une mesure illégale et arbitraire

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?