Asanble peyi Savadò a otorize twoup salvadoryen yo deplwaye an Ayiti nan kad Misyon Miltinasyonal Soutyen ak Sekirite a ( MMSS). Desizyon sa pran ayè mèkredi 30 oktòb 2024 la, aprè yon vòt sou akò ki gen pou wè ak kondisyon ak benefis misyon miltinasyonal la.
Prezidan Asanble Lejislatif la, Ernesto Castro nan deklarasyon li konfime se yon desizyon ki pran gras ak 57 vòt sou 60 nan Kongrè peyi sa a.
Pou sa ki gen pou wè ak deplwaman sòlda sa yo, n ap fè konnen li pral posib se aprè reprezantan enterimè Ayiti nan Òganizasyon Leta Ameriken yo (OEA), Gandy Thomas te siyen yon akò sou sa nan kòmansman mwa oktòb la.
Daprè direktris zafè legal nan Ministè Zafè Etranjè Salvadò a, Patricia Bran Kontenjan sa pral konsakre l sèlman nan evakyasyon medikal yo.
N ap raple, misyon miltinasyonal la te kòmanse antre nan peyi a nan mwa jen 2024 la, kote li gen ladan l plizyè polisye kenyan ak 6 sòlda bayameyen ki te rejwenn yo. Pou kounye a, genyen peyi Benen ak Gwatemala ki te fè konnen yo menm tou yo ap voye twoup pa yo nan peyi a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024