Nan yon nòt li rann piblik jodi jedi 31 oktòb 2024 la, Pakè Pòtoprens avèti moun k ap itilize rezo sosyal yo pou pa pataje videyo kriminèl. Nan nòt sa, otorite lajistis yo fè tout moun konnen y ap koupe sèvis telefonik, ak suiv lajistis nenpòt moun ki pa respekte règ sa.
Pakè a enfòme desizyon sa ap konsène tout videyo ki montre zak vyolans, krim, deli oswa lòt aktivite ilegal.
Daprè sa l di, pataje kalite kontni sa yo anplis vyole dwa sitwayen yo ak mete sekirite nasyonal la an danje, gen anpil chans pou antrene sanksyon legal enpòtan. «An konsekans, nenpòt moun yo jwenn koupab akoz li pataje oswa fè pwomosyon videyo kriminèl yo ap fè fas ak sanksyon kote sèvis telefòn li ap koupe epi ap gen pouswit penal tou».
Nan sans sa, responsab yo nan Pakè Pòtoprens mande tout itilizatè rezo sosyal yo pou yo demontre vijilans ak responsablite yo nan sa y ap pataje yo pandan y ap asire yo respekte atik 6 dekrè lendi 21 novanm 1977 la. Dekrè sa selon nòt la, bay Leta ayisyen monopòl sèvis telekominikasyon yo.
Responsab yo di yo konte sou bon konprann tout moun pou ka respekte sa ki di yo. E yo pwofite renouvle angajman l pou l kenbe yon anviwonnman ki an sante e ki respekte lalwa.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024