Nan yon kominike yo mete deyò jounen lendi 24 mas 2025 lan, gouvènman ayisyen an ak Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) anonse y ap louvri Tribinal Premyè Entans (TPI) Pòtoprens. Yo fè konnen sa ap fèt nan mwa avril k ap vini la.
Yo fè konnen desizyon sa pran nan kad jefò gouvènman an ap kontinye fè pou retabli sekirite. Epi ranfòse eta dedwa ak garanti yon jistis ki fyab ak efikas pou tout moun. Daprè sa yo fè kwè, se yon desizyon ki montre tou volonte leta a pou bay aparèy jistis la bon jan mwayen pou l akonpli misyon l nan bay popilasyon an sèvis.
Otorite yo vle mete kanpe 2 pòl lajistis espesyalize. Se sa k fè yo di «Pandan pwochen Konsèy Minis la, gouvènman an pral adopte yon dekrè ki tabli 2 pòl jidisyè espesyalize, ki vize pi byen reponn ak defi enpinite yo ak asire tretman pi sevè nan ka sansib yo».
Premye a ki sitou gen rapò ak konpetans ap gen pou jije otè ak konplis krim an mas ki fèt sou popilasyon an ak vyolans seksyèl ki fèt sou fanm ak tifi. 2yèm pòl la ap espsyalize nan batay kont kriminalite finansye. L ap gen pou l jije otè ak konplis krim finansye yo puiske selon gouvènman ayisyen an, lit kont konripsyon ak detounman lajan leta rete yon priyorite pou retabli konfyans sitwayen yo nan enstitisyon yo.
«Mezi sa temwanye angajman gouvènman an pou l ranfòse sistèm jidisyè a ak konbat enpinite a sou tout fòm epi garanti sitwayen yo yon jistis ki dwat ak efikas», se sa gouvènman an ak KPT a fè konprann.
Gouvènman an di l kenbe angajman li pou kontinye refòm esansyèl sa yo. Li pwofite envite tout moun ki gen enterè nan jistis pou yo kontribye aktivman nan dinamik chanjman sa a pou benefisye nasyon an.
N ap raple, TPI an pa nan lokal li a depi nan ane 2022, aprè gang ak zam nan Matisan te okipe espas lan epi pase l anba flanm dife nan dat 10 jen menm ane sa. Se nan lane 2023, Tribinal la te fèmen pòt li akoz vyolans gang yo nan kapital peyi a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025