Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

Otorite Jamayiken yo voye tounen 35 Ayisyen an Ayiti

Mag Haiti by Mag Haiti
July 30, 2024
in Société
0
Otorite Jamayiken yo voye tounen 35 Ayisyen an Ayiti

Ayè lendi 29 jiyè 2024 la, otorite yo nan peyi Jamayik, depòte 35 migran Ayisyen nan peyi yo. Migran sa yo te antre nan peyi yo a nan bato, sou plaj Kensington nan zòn Portland jou ki te dimanch 28 jiyè 2024 la.

Selon enfòmasyon jounal Jamayiken an, Jamaica Gleaner rapòte pami 35 Ayisyen sa yo te genyen 29 gason, 5 fanm ak yon timoun. Li presize pou l di yo te ateri Jamayik nan 5è nan maten. E yo konfime nan mwens pase 24è tan otorite yo ta pral voye yo tounen nan peyi yo, aprè lapolis te fin enfome sou sitiyasyon an.

Selon deklarasyon gwoup Ayisyen sa yo, yo fè kwè yo te oblije fè vwayaj sa e yo fè konprann se nan lide pou chape poul yo pou pèsekisyon, ensekirite, vyolans gang yo ak mwayen ekonomik ki pa genyen nan peyi a. Efektivman, sitwayen sa yo se pami plizyè milye fanmi ki pa sispann kouri depi kèk lane pou lamizè ak ensekirite ki tabli kò l anndan peyi a.

Daprè jounal etranje a, se aprè yo te fin sibi tès depistaj ak egzamen medikal, Ayisyen sa yo ta pral retounen nan peyi yo. E yo fè konnen sitwayen sa yo retounen Ayiti sou yon bato Gad Kòt Jamaica Defense Force (JDF), ki te kite Boundbrook Wharf nan Port Antonio.

Pandantan sa, nan yon rapò li te pibliye nan dat 17 desanm 2021 an, Òganizasyon entenasyonal migrasyon (OIM) te fè konnen migran ki vwayaje sou bato olye avyon yo souvan vilnerab. Se pou sa yo te mansyone se plis moun ki soti nan zòn pwovens yo ki souvan oblije vann afè yo osnon prete lajan ak gwo enterè pou kapab peye vwayaj la.

Daprè estimasyon yo, pri vwayaj sa yo se ant 350 ak 700 dola vèt. Men tou, sa depann sou ki kalite bato ak kibò pasaje yo vle rive, sa ki fè lajan an kapab rive 5 ant 5 000 ak 7 000 dola ameriken.

N ap fè remake, nan lannwit 16 pou louvri 17 jiyè 2024 la, 40 migran te disparèt nan vil Okap. Poutan, se yon sitiyasyon ki pa anpeche Ayisyen kontinye fè vwayaj an kachèt pou al chache yon lavi miyò. Pandantan sa, n ap soulinye jouskounya otorite ayisyen yo poko janm anonse yon seri mezi pou rive konbat move pratik sa yo.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024

Comments

commentaires

Nombre de vues: 692
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Daprè Nasyonzini gen omwen 1 379 moun ki mouri epi blese nan dezyèm trimès ane 2024 la

Next Post

104 bandi pèdi lavi yo nan depatman Lwès ak Latibonit pandan peryòd eta ijans lan

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
104 bandi pèdi lavi yo nan depatman Lwès ak Latibonit pandan peryòd eta ijans lan

104 bandi pèdi lavi yo nan depatman Lwès ak Latibonit pandan peryòd eta ijans lan

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (85,990)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,796)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (33,852)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,680)

Nouveaux Articles

  • Lajistis amerikèn rekonèt Chèf gang Yonyon koupab nan dosye kidnaping sitwayen ameriken yo
  • Joé Dwèt Filé : Une performance exceptionnelle aux Flammes 2025
  • Yon majistra dominiken imilye plizyè timoun ayisyen avan depòtasyon yo an Ayiti

RSS Fact Checker

  • Avant l’investiture de Trump, Meta abandonne son programme de fact-checking
  • Désintox : la Chine fait-elle face à une nouvelle épidémie appelée HMPV ?
  • Désintoxication : la femme qui a lancé la rumeur sur les Haïtiens à l’Ohio se rétracte
  • La vidéo de l’homme qui tue un chat avec ses dents répertoriée sur un blog zimbabwéen

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?