Jounen jedi 24 oktòb 2024 la, peyi Jamayik depòte 18 Ayisyen. Se nan vil Okay moun sa yo te ateri aprè otorite Jamayikèn yo te fin voye yo tounen nan peyi yo.
Se Gad kot vil Okay yo ki resevwa 18 resòtisan ayisyen sa yo ki nan yon premye tan t ap kouri pou te kite peyi a. Pami moun sa yo, genyen 4 fanm ak yon timoun 14 lane, daprè enfòmasyon plizyè medya nan rejyon an pataje.
N ap raple, nan jou ki te lendi 7 oktòb 2024 la, otorite jamayikèn yo te deja voye tounen nan peyi a 20 Ayisyen. Moun sa yo se sitwayen ayisyen ki t ap eseye antre ilegal nan peyi Jamayik.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024