Selon New York Post ki site chif responsab fwontyè yo, Tom Homan, otorite imigrasyon yo nan Etazini arete 308 migran, pami yo yon gang ayisyen, ki se kriminèl nan peyi yo a. Arestasyon sa yo fèt sèlman madi ki te 22 janvye 2025 lan nan vil tankou Boston, Denver, Philadelphie, Atlanta, Seattle, Washington DC ak Miami.
«Ajan fedewo yo arete plis pase 300 kriminèl ki se migran ilegal, nan plizyè vil sanktyè, vil ki pwoteje migran san papye, pandan premye jou Prezidan an. Pami moun sa yo, genyen asasen ak pedofil», se sa jounal sa fè konnen pandan l soulinye otorite yo pral depòte yo nan yon ti tan.
Tom Homan, nan bò pa li fè konprann sa se yon kòmansman. Se pou sa li pwomèt yo menm yo gen pou yo depòte 700 000 migran ilegal ki te fè yon krim Etazini.
Kontrèman ak pawòl ki di depòtasyon yo apèn kòmanse a, NBC News li menm presize yo pa fenk kòmanse e di arestasyon ki fèt yo te sèlman vize mete men sou migran ilegal ki kriminèl yo.
«Arestasyon ajan imigrasyon yo fè yo, 2 jou aprè prezidan Donald Trump te siyen yon bann dekrè sou rann dosye imigrasyon an pi sere a, sanble toujou rete nan liy operasyon ki abitye fèt yo. Nou ka fè konparezon ant 308 sa ki fèt nan tout peyi a ak 282 migran chak jou ki te fèt an septanm 2024» daprè sa yo mansyone.
Pami moun yo arete yo nou jwenn Kodir Mazhidov ki se yon sitwayen tadjik ki gen
22 lane ki jwenn arestasyon l nan Philadelphia. Genyen Edward Marlon Rauda-Aldnada yon Salvadoryen ki gen 56 lane, yo idantifye l kòm yon pedofil ki jwenn arestasyon l nan Silver Spring. Epi genyen Miguel Andres-Mateo, ki sòti Gwatemala ki genyen 20 lane e ki jwenn arestasyon l nan Géorgie.
Anplis sa, nan Boston, Sèvis Imigrasyon ak Dwàn yo (ICE), te rive arete tou yon manm gang ayisyen, ki li menm yo arete l 18 fwa deja. Otorite yo pa bay okenn lòt endis pou ta idantifye kriminèl sa.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025