Daprè Listín Diario, otorite Sendomeng yo rive sezi yon total 463 pake kokakyin nan Peravia. Li soulinye tou, li sezi 509 pake Marigwana nan men 7 Kanadyen nan pwovens La Romana.
Jounal dominiken an fè konnen otorite yo arete 7 Kanadyen ki t ap fè trafik dwòg nan La Romana. Moun sa yo, selon yo menm, te gen ak yo 12 valiz, e se ladan yo ki te genyen dwòg yo. Listín Diario nan detay li bay yo fè konnen se ajan ak militè ki sezi pwodui sa yo nan men moun sa yo nan Ayewopò La Romana a.
Otorite dominikèn yo pa t sèlman arete resòtisan kanadyen, men tou yo te poze lapat sou 3 Dominiken nan pwovens Peravia, toujou selon sa jounal la rapòte.
Daprè presizyon jounal lan pote, se Direksyon Nasyonal Kontwòl Dwòg (DNCD) nan tèt kole ak manm lamarin Repiblik Dominikèn nan (ARD), Fòs Ayeryèn yo (FARD) epi Ajans Ransèyman Leta ki rive sezi gwo kagezon sa ki gen ladan l 463 pake kokayin nan ak 509 pake marigwana. Anplis yo mansyone travay sa tou te rive fèt gras ak Ministè Piblik ki te jere kowòdinasyon an.
DNCD deklare se ekip operasyon ak reyaksyon ki te mete kanpe yon gwo sistèm siveyans ak kontwòl. Sa ki te fè yo te apwoche plizyè mesye sispèk ki t ap vwayaje sou yon bato nan direksyon kòt Repiblik Dominikèn.
Nan lide pou konnne si gen lòt moun ki enplike nan trafik dwòg sa, Biwo Pwokirè Pedernales la ak DNCD anonse yo louvri yon ankèt. Se yon fason tou pou yo ka arete ak trennen devan lajistis moun ki dèyè zak sa yo.
Crédito de la foto: Listín Diario
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025