Nan yon atik CSB News pibliye jounen mèkredi 19 fevriye 2025 lan, li fè konnen Etazini fè yon ti kanpe sou demann aplikasyon kèk imigran ki antre nan peyi a nan kad pwogram Humanitarian Parole la, sa anpil moun souvan rele pwogram Biden nan.
Nan atik sa, jounal la site 2 ofisyèl ameriken pou l di administrasyon Trump lan deside kanpe pou yon ti tan tout aplikasyon imigrasyon ki te ede moun divès peyi atravè kèk pwogram nan èpòk Biden nan. Nan detay li bay yo, li fè kwè desizyon sa pran akoz fwod ak enkyetid ki genyen sou sekirite nasyonal la.
Daprè sa medya etranje a eksplike, aplikasyon sa yo kanpe pou yon ti tan annatandan gouvènman an ap travay pou idantifye divès ka magouy. Tout sa, se yon fason daprè yo, pou ka pèmèt yo amelyore pwosedi kontwòl sou sekirite nasyonal ak sekirite piblik la.
CBS News di otorite yo poko bay kantite chif moun desizyon sa konsène. Men, li presize mezi pou sispann demann imigran yo gen pou wè ak plizyè pwogram administrasyon Biden nan ki te pèmèt plizyè santèn milye etranje ale nan peyi a legal. E sa te fèt gras ak yon lwa sou imigrasyon ki pote non « liberasyon kondisyonèl ».
Pi lwen, CBS News, kwè desizyon rapid sa otorite yo pran an ap lage gwo dout lakay anpil imigran ki deja nan pwosesis pou yo aplike pou plizyè estati ki te ka pèmèt yo rete nan peyi a legalman. Li soulinye tou kèk nan ka yo ka definitif oubyen pou yon ti tan.
Nan atik sa, li raple administrasyon Trump lan te deja kanpe pwogram Biden nan. Men tou, li revele se nan dat 14 fevriye pase a, Andrew Davidson ki se yon gwo ofisyèl nan sèvis sitwayènte ak imigran te bay lòd pou mete sou poz tout aplikasyon imigran ki deja otorize pou rantre nan peyi a gras ak 3 pwogram administrasyon Biden nan.
Na p soulinye, pwogram tankou « S’unir pour l’Ukraine » ak parole program nan (CHNV) te pèmèt anviwon 240 000 Ikrenyen ak 530 000 Ayisyen, Kiben ansanm ak Nikaragwayen rantre nan peyi Etazini ak yon estati legal.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025