Yon jou aprè etidyan ki t ap etidye diplomasi nan Sant Detid Diplomatik Entènasyonal la (CEDI), Lebelt Massénat, te pèdi lavi l, Ofis Pwoteksyon Sitwayen (OPC) reyaji nan yon nòt yo sòti. Nan nòt sa, entans k ap defann dwa moun nan kalifye lanmò sibit sa tankou yon vrè trajedi.
Menm ak jan ak Konsèy Prezidansyèl la ansanm ak gouvènman an, OPC reyaji aprè dram sa ki rive ayè madi 11 fevriye a ki pote ale lavi jèn etidyan sa nan sal klas li. Li estime lanmò sa trennen sosyete a pi ba toujou nan pwofondè kriminèl li. Nan nòt sa, Ofis Pwoteksyon Sitwayen an deklare «timoun sa a ki apèn parèt la, kounye a souf twou wòch yo rache l nan men nou san li pa gen tan ofri mond sivilize a pafen konesans li».
Li kontinye pou eksplike fason jèn ayisyen yo kriye pou vye lanmò sa Massénat Lebelt pran an. Ògan nan mansyone fason li te kare sou chèz sa pou di dènye orevwa a voye yon mesaj klè bay jèn nou yo. « Lè w paka kouri pou lanmò, li pi bon pou fè fas ak li sou wout ou kwè a ak konviksyon w », se sa nou li nan nòt la.
Pi lwen, OPC di l konprann mesaj la, pwofite prezante senpati li bay fanmi jèn gason sa. Epi, mande gouvènman an ak fòs sekirite yo aji, puiske li deklare li lè pou fè bèt sovaj sa yo fè bak e li lè pou yo detui ak prezante devan lajistis.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025