Jij Denise Moïse Papillon ki te pami jij ki te dwe tande akize yo nan kad lanmò Jovenel Moïse la retire kò l nan dosye a. Desizyon jij la lakoz kounye a la odyans lan ki te dwe fèt ayè lendi 16 desanm 2024 la, ranvwaye san poko gen lòt dat ki pwograme pou sa.
Jan sa te anonse a, ayè lendi 16 desanm nan odyans penal sou ansasinay prezidan Jovenel Moïse la te dwe fèt. Poutan, sa pa t rive fèt vre akoz Jij Denise Moïse Papillon deside retire kò l nan dosye a pou rezon pèsonèl li, daprè Me Emmanuel Jeanty ki se avoka madanm ansyen prezidan an, Martin Moïse.
Se yon aksyon Me Jeanty di ki pa respekte travay pyès moun ki te ap prepare pou dosye sa. Puiske li deklare : « San pyès moun pa t atann yo ak sa majistra a li menm nan dènye minit vin di pou rezon pèsonèl li menm li paka la ». Se nan sans sa, li mande poukisa se nan jou a menm jij la te rive deside retire kò l pandan li konnen konpozisyon jij yo paka manke moun pou dosye a te ka mache.
Pandantan sa, genyen avoka kolonbyen yo, Me Nathalie Delisca ki te pwofite pou denonse ministè lajistis ki pa t mete yon entèprèt a tan pou kliyan li yo pou odyans lan. Sa ki fè, yo pa t konprann sa ki t ap pase a daprè deklarasyon li fè.
N ap soulinye, pou odyans ayè lendi a 17 kolonbyen yo te vini ak tout avoka yo pou plede koz yo devan jij yo. Mete sou sa, plizyè lòt akize te la tou pami yo Felix Badio, ak Marky Kessa.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024