Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

OCNH denonse zak bandi yo fè sou popilasyon Dèlma 24 la

Mag Haiti by Mag Haiti
October 28, 2024
in Société
0
Gang Ayiti yo gen pwòp klinik yo pou retire ògan moun yo kidnape

Nan yon nòt pou laprès li pibliye jodi lendi 28 oktòb 2024 la, Òganizasyon Sitwayen pou yon Nouvèl Ayiti (OCNH) denonse atak popilasyon Dèlma 24 la sitou Solino sibi anba gang ak zam nan kowalisyon Viv ansanm fè pandan semèn sa yo.

Mete sou gang yo li lonje dwèt sou yo, OCNH di li denonse ak tout fòs li tou tolerans ak silans Leta fè devan ensekirite a k ap monte nan peyi a. Epi ki lakoz gwo vyolasyon dwa moun.

«Malgre Leta ayisyen gen yon obligasyon pou garanti sekirite sitwayen li yo, li enkyetan pou n konstate ensekirite a ap bat nan prèske tout zòn nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan. Lokalite sa yo ki te gen lapè, vin tounen fòs gwoup ame ki teworize popilasyon an nan tout nivo san okenn konsiderasyon», se sa nou li nan nòt la.

Òganizasyon an revele nan yon ankèt li mennen nan Polis Nasyonal Ayiti a (PNH), ekipman yo bay enstitisyon sa nan kad misyon l genyen pou l mete lòd sanble pa menm apwopriye pou operasyon yo. Pandan li fè kwè gouvènman an plis sanble teyorik olye l pratik li denonse pratik sa a puiske selon li menm, leta pa bay lapolis la sipò ki nesesè pou li fè misyon sekirite li yo.

Estrikti dwa moun nan ki montre li preyokipe fas ak kalamite popilasyon Solino an ap viv la, raple Leta ayisyen obligasyon nasyonal ak entènasyonal li genyen nan zafè sekirite piblik. «Retabli yon klima sekiritè dwe pami priyorite gouvènman tranzisyon an, men sanble pa gen okenn efò konkrè ki fèt pou retabli otorite leta a», se sa OCNH di.

Òganis dwa moun na di l rekonèt jefò ajan PNH yo fè pou evite sa pi mal nan zòn tankou Solino, Akayè ak Kanaan. Se sa k fè, li mande Leta ayisyen pou l pran tout dispozisyon ki nesesè e prese prese pou ranfòse kapasite lapolis la ak Fòs Lame Ayiti a (FAD’H) nan ba yo ekipman ki adapte pou kapab mare bandi. Sa ki daprè yo, kapab yon demach pou tabli sekirite nan peyi a.

Pou fini, OCNH fè konnen nan moman Ayiti ye la, se pa pou diskou oswa obsèvasyon ki dwe ap fèt ankò. Men, se pou aksyon kòmanse poze, paske sitiyasyon an depase twòp.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024

Comments

commentaires

Nombre de vues: 546
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Rodrigo sacré vainqueur du Ballon d’Or 2024

Next Post

La position de la Caricom sur les divergences en Haïti

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
La position de la Caricom sur les divergences en Haïti

La position de la Caricom sur les divergences en Haïti

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,854)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (40,003)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (34,177)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,920)

Nouveaux Articles

  • L’Union Européenne sanctionne trois nouveaux chefs de gangs haïtiens
  • RNDDH denonse gaspiyaj vwayaj delegasyon 20 moun konseye Frinel Joseph pral fè a
  • ONU deklare vyolans gang yo an Ayiti reprezante gwo menas pou estabilite Karayib la

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?