Nan yon rapò ki pote dat 28 fevriye pase a, Rezo Nasyonal k ap Defann Dwa Moun yo (RNDDH) fè konnen bandi touye pou pi piti 269 moun nan 3 atak yo fè Pòtoprens yo. Òganis defans dwa moun nan di yo resanse viktim sa yo nan masak gang te fè nan Waf Jeremi, Kenskòf ak Chatoblon.
«Se konsa, nan 3 mwa bandi yo fè 3 masak youn dèyè lòt anba je otorite tranzisyon yo. E sa rive malgre yo gen yon selil ransèyman, e yo pa t fè anyen pou te anpeche bandi yo touye pou pi piti 269 moun», daprè sa nou li nan rapò sa. Responsab yo fè konprann pami moun ki mouri yo genyen 56 granmoun, 7 timoun ak 13 andikape.
Selon detay yo bay yo, masak nan Chatoblon an vini aprè lapolis ta touye yon sitwayen ki pote non Annil Jean-Philippe. Sitwayen sa a, daprè yo, se te manm gang Kraze baryè, e li se te papa Stanley Jean-Philippe, moun ki ta lakoz masak sa a.
«Kòm li te estime enfòmasyon an se moun nan zòn nan ki te bay li, li te mande epi jwenn otorizasyon nan men chèf gang Vitel’homme Innocent pou l te vanje non papa l», toujou daprè RNDDH ki soulinye nan masak sa a gang Kraze baryè a touye pou pi piti 20 moun epi vyole yon tifi 10 lane. Epi yo di tou, bandi yo te mete dife nan plizyè kay ak machin.
Pou sa ki gen pou wè ak masak Waf Jeremi an, ògàn nan pwofite raple tout rezon yo. Selon yo menm, se akoz lanmò pitit chèf gang Mikanor Altes la, Benson Altes, ki fè gang sa te masakre pou pi piti 110 moun, ladan yo anpil granmoun te gen ant 60 ak 80 lane.
Nan atak ki te fèt Kenskòf la li menm, sòti 27 janvye pase a rive jous nan mwa fevriye a, RNDDH lonje dwèt sou gang Vilaj dedye chèf gang Izo ap dirije a. Yo mansyone gang sa yo atake komin sa a se nan lide pou kapab pran plis teritwa. Nan pasaj yo nan kèk lokalite tankou Gode, Bonga, Chofa, Belo, Kafou Bèt ak Bwa Majò òganizasyon an revele bandi yo touye 139 moun. Anplis sa, yo mete dife nan plizyè kay abitan yo.
Fas ak tout atak epi masak sa yo, òganis k ap defann dwa moun nan mande pou otorite yo nan yon premye tan, bay popilasyon an bon jan asistans finansyè, medikal ak sikolojik. Epi nan yon lòt tan, li mande pou otorite yo degaje yo arete tout bandi yo pou kapab jije yo epi kondane yo. RNDDH mande Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) pou yo sispann touche lajan sèvis ransèyman an pou yo pito bay fòs lòd yo li yon fason pou kapab kontinye batay kont gang yo.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025