Bandi ak zam ki sou kontwòl chèf gang Vitelhomme Innocent masakre nan lannuit 16 pou rive lendi 17 fevriye 2025 lan pou pi piti 20 moun nan zòn Chatoblon, ki twouve l Wout Frè. Selon deklarasyon direktè egzekitif Rezo k ap defann dwa moun yo (RNDDH), Pierre Espérance, nan masak sa gang yo touye 5 moun nan yon sèl fanmi.
Malgre Akademi Polis la toupre zòn Chatoblon, sa pa t anpeche moun sa yo rive viktim anba men gang kraze baryè yo. Daprè pawòl direktè RNDDH la Gazette Haïti rapòte, bandi ak zam sa yo te antre lakay moun yo menm pou te kapab al masakre yo.
Pi lwen genyen Radyo Karayib ki fè konnen, moun sa rive pèdi lavi yo akoz bandi yo ta akize yo kòm moun ki ap bay lapolis enfòmasyon sou sa k ap pase nan zòn nan. Fòk nou di, pou kounye a lapolis la poko bay okenn enfòmasyon sou dram sa a.
N ap fè konnen, depi fen mwa janvye a rive jodi madi 18 fevriye a, bandi pa sispann simen latwoublay nan divès kote nan peyi a. Kenskòf, Kafoufèy, Dèlma 30 ak Wout Frè se pami kote nèg sa yo kontinye ap atake epi mete dlo nan je popilasyon an. Pandan plizyè lòt oblije ap kouri fas ak menas ki sou tèt yo.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025