Plizyè nèg ak zam te rive kidnape yon antreprenè ki gen pou non Marcélus nan lannuit samdi 15 avril 2023 a, nan zòn plas jeremi, presizeman komin Kafoufèy, selon enfòmasyon yon temwen te bay Mag Haïti.
Kidnapè yo te komèt zak sila touprè boutik pwovizyon alimantè antreprenè Marcélus, anplis yo te pral bay anpil gaz lakrimojèn nan lide pou te fè moun kouri kite perimèt la epi pèmèt yo reyalize zak sila fasilman.
Malgre lapolis te pral vini kèk minit aprè kinapè yo te gentan ale avèk antreprenè Marcélus nan machin yo. Nan moman n ap ekri a, okenn enfòmasyon poko revele sou kantite lajan yo ta mande pou yo libere viktim lan ki anba men yo depi yèswa.
N ap raple nèg ak zam te rive kidnape sèlman ayè samdi 15 avril la omwen 2 antreprenè, youn ki se konsil Harold Marzouka epi lòt la ki se Marcélus.