Byen bonè maten lendi 27 janvye 2025 lan, gang ak zam eseye atake komin Kenskòf. Pou anpeche atak sa, kout zam pa sispann tire ant ajan fòs lòd ak bandi yo.
Malgre seri mezi meri Kenskòf te adopte nan jou samdi 25 janvye pase a pou pwoteje komin nan, sa pa anpeche kriminèl yo eseye kanmenm pou anvayi zòn nan maten an espesyalman nan lokalite Mache Gode. Se yon sitiyasyon ki mete anpil laperèz lakay abitan yo ki ap mande Lapolis Nasyonal Ayiti (PNH) a pote yo sekou.
N ap soulinye, se depi kòmansman semèn pase a anpil gwo menas gang pandye sou tèt plizyè komin nan Kapital la.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025