Nan yon bilan li pibliye ayè madi 18 mas 2025 lan, Òganizasyon Entènasyonal Migrasyon (OIM) revele genyen 60 000 moun ki kouri kite kay yo nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan, pou sèlman yon mwa. Yon sitiyasyon ki fè pwoblèm grangou an vin pi rèd.
«Nan yon mwa sèlman, 60 000 moun te kouri kite kay yo pou vyolans nan Pòtoprens. Yo derasinen fanmi yo regilyèman epi bezwen imanitè yo kontinye ogmante», se sa OIM di pandan l soulinye li menm ak Pwoteksyon sivil kontinye ap bay moun ki pi mal yo èd.
Akoz zak vyolans yo ki pa sispann nan kapital peyi a, fanmi yo kontinye ap kouri kite kay yo. Nouvo chif sa OIM kominike montre kòman vin gen plis moun k ap eseye chape anba zak sa yo. N ap raple, nan mwa janvye 2025 lan, OIM te revele 1 041 000 moun ki kouri nan peyi a akoz enstabilite politik ak twoub sosyo ekonomik yo.
© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2025