Daprè jounal dominiken an, Listín Diario, se yon total 18 843 Ayisyen ki pa gen papye, otorite yo an Repiblik Dominikèn voye tounen an Ayiti. Selon yo menm,chif sa se pou sèlman 15 premye jou mwa oktòb sa a.
Depi lè Prezidan dominiken an Luis Abinader, te fin anonse l ap depòte 10 000 resòtisan chak semèn nan, otorite migrasyon yo pa sispann voye tounen pa pil migran Ayisyen yo nan peyi a.
Sòti 3 pou rive dimanch 13 oktòb pase a, imigrasyon dominiken rapatriye 13 703 etranje ki pa t gen papye. Pami moun sa yo, genyen 11 117 yo te tou voye tounen an Ayiti.
Pou chif avan yo, jounal la fè konnen depi kòmansman operasyon yo nan dat 3 oktòb rive dimanch 6 oktòb la, genyen anviwon 5 144 Ayisyen yo te voye tounen nan peyi yo. E imigran ki pa t gen papye yo responsab yo te transfere yo pandan tout yon jounen nan Sant Akèy Vakans Ayina, alòske sila gad fwontyè yo te mete nan prizon, ki te san papye yo, yo te voye yo tousuit an Ayiti.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024