Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

Moun Solino mande otorite yo kreye kondisyon pou yo tounen lakay yo

Mag Haiti by Mag Haiti
February 14, 2025
in Société
0
Moun Solino mande otorite yo kreye kondisyon pou yo tounen lakay yo

Divès moun ki t ap viv Solino ki te kouri pou chape anba zak vyolans bandi nan kowalisyon Viv Ansanm te vin devan laprès ayè jedi 13 fevriye 2025 lan, pou mande otorite nan leta a kreye kondisyon sekiritè pou yo tounen lakay yo.

Aprè yo fin pase 3 mwa nan lokal Ofis Pwoteksyon Sitwayen (OPC), kèk nan moun sa yo pa kache kòlè yo kont dirijan yo. Moun sa yo ki fè konnen yo t ap viv byen, deklare yo pase 3 mwa tray ak mizè pandan yo pa lakay yo a.

Youn nan abitan Solino yo denonse move kondisyon l ap viv depi lè l kouri kite lakay li a. Daprè sa l di, menm dlo yo paka jwenn nan espas kote yo ye a pou yo sèvi.

Yon lòt kote, pwotestatè yo leve vwa yo pou di yo bezwen tounen lakay yo paske kondisyon y ap viv la pa bon ditou. Kèk nan yo fè kwè, yo paka al vann epi se ak anpil difikilte pou yo manje pandan moun ki rete tou prè biwo OPC a fè konnen yo vin sa l zòn yo.

Nan menm mouvman pou eksprime kòlè yo fas ak sitiyasyon malouk yo ap viv depi dènye atak bandi yo fè nan Solino a, youn nan abitan yo lonje dwèt sou otorite yo kòm responsab sa ki rive a. Pou li menm, se leta ayisyen ki bay bandi yo bal ak zam pou fè popilasyon an kouri kite kay li.

Sitwayen sa yo deklare y ap dòmi sou frata nan Boudon, e pa sispann akize responsab yo nan leta a. Yo revele yo nan gwo difikilte pou dòmi lè lapli tonbe. Nan sans sa, yo mande ak manm Konsèy Prezidansyèl la pou mete gang yo deyò nan Solino.

Abitan Solino yo pwofite menm mouvman sa pou pale ak reponsab yo nan Òganizasyon Entènasyonal Migrasyon an (OIM) ki sanble ta gen plan pou leve yo. Yo fè konnen yo pap pran 10 000 goud ajans lan ta swete bay chak grenn moun yo, paske daprè yo yon chanm kay pa lwe nan pri sa. Yo mande ak responsab òganizasyon an si tout bon yo ta gen plan pou leve yo, se pou yo al peye yon kay ansanm ak yo.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025

Comments

commentaires

Nombre de vues: 301
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Bandi ak zam mete dife nan lopital jeneral jodi jedi a

Next Post

Ministè lasante kondane dife gang yo mete nan lopital jeneral la

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Bandi ak zam mete dife nan lopital jeneral jodi jedi a

Ministè lasante kondane dife gang yo mete nan lopital jeneral la

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,466)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,920)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (34,035)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,830)

Nouveaux Articles

  • Avoka Pierre Antoine Borgat tonbe anba bal bandi nan vil Okay
  • Hérold Toussaint appelle à repenser Haïti à travers la pensée sociale du pape François
  • Un pylône endommagé à Péligre plonge Port-au-Prince dans le black-out

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?