Selon Radio Télé Galaxie ki site deklarasyon delege depatmantal Sant lan, Frédéric Occéan, moun Mibalè kenbe yon ti bis chaje ak zam epi bal ladan l ayè dimanch 9 mas 2025 lan. Moun yo jwenn plis pase 10 000 bal ak plizyè zam, kidonk nan 4 moun yo di ki te nan machin nan, popilasyon an te rive touye 2 ladan yo, pandan 2 lòt yo te gentan chape poul yo.
Selon detay ki bay yo, ti bis sa t ap sòti Gonayiv, e manm brigad vil Mibalè yo te vin kanpe l nan lokalite Triyanon toujou nan Mibalè. Se aprè popilasyon an te fin fouye machin sa a yo te vin jwenn, selon chif lapolis nan zòn sa a, 10 488 bal, 7.62×39 mm, 29 bal kalib 12, twa fizi ak plizyè chajè, ladan yo yon chajè kalachnikov ak anpil pèpè ladan l.
Pou sa ki gen pou wè ak 2 moun popilasyon an bay bw@ k@le a, jounal la rapòte delege Occéan deklare se Dèlma 75 endividi yo di yo ta prale. Deklarasyon sa ta vini avan menm moun sa yo te jwenn lanmò yo. Pou 2 lòt moun ki sove yo, responsab la anonse aktyèlman yo ap chache yo toupatou.
N ap soulinye, nan menm dosye trafik zam sa a delege depatmantal la akize depi jedi 6 mas pase a direktè dwàn Beladè a, Ronald Nocia kòm moun ki ta nan move zafè. Selon sa li di nan mikwo laprès, plizyè konntenè ki ta gen zam ak bal ladan yo ta disparèt anndan dwàn mesye Nocia ap dirije pandan li menm tou li mawon.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025