Aprè yo te fin fèmen zòn nan depi ayè dimanch lan, jodi lendi 24 fevriye 2025 lan, popilasyon Kanapevè a leve pou di non ak tantativ arestasyon lapolis ta vin fè sou chèf brigad yo a, Samuel. Se yon sitiyasyon pandan aprèmidi a ki lakoz gwo tansyon kote kawotchou menm gentan ap boule anndan zòn sa a.
«Pitit Kanapevè pap livre Kanapevè», se reyaksyon plizyè abitan zòn nan aprè yo pran nouvèl Direksyon Jeneral Polis Jidisyè (DCPJ) ta ale nan zòn sa pou arete Samuel, ki idantifye kòm chèf brigad Kanapevè a. Reyaksyon yo pa t pran tan tou pou fèt atravè rezo sosyo yo, kote anpil moun defann aksyon sa pa dwe pase nan zòn yo a.
Sitiyasyon sa a vini nan yon moman kote bandi eseye plizyè fwa deja pou pran kontwòl Kanapevè, men yo pa kapab jiskounye a. Se sa ki fè, anpil moun estime tantativ arestasyon sa a se ta yon mwayen pou destabilize zòn nan epi livre l bay gang yo ki ap batay kont brigadye yo lontan pou sa.
Pou kounye a, selon yon sous nou ka fè konfyans zòn nan fèmen. An konsekans, sa rive pèmèt gen gwo blokis nan divès ri nan Pòtoprens, puiske pa gen sikilasyon machin anndan Kanapevè.
N ap raple, sa pa gen lontan depi yon notab nan zòn nan te lanse nan Mag Haiti yon alèt pou tout abitan met ansanm pou defann Kanapevè. Paske, selon li menm gen gwo konplo k ap fèt pou livre zòn nan bay kriminèl Viv ansanm yo.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025