Abitan Sodo ak Mibalè manifeste jounen jedi 13 mas 2025 lan pou egzije otorite yo nan leta a bay Polis Nasyonal Ayiti a (PNH) mwayen pou jere sekirite nan depatman Sant lan.
Aprè moun depatman Sant te ede lapolis sezi plis pase 10 mil katouch dimanch 10 mas la, jounen jedi a yo pa kache preyokipasyon yo pou pwoblèm ensekirite a. Pou konbat fenomèn sa epi asire sikirite yo nan plato Santral, abitan sa yo foule beton an jodi a.
Nan revandikasyon yo, yo mande pou otorite yo bay lapolis la nouvo cha blennde, mete plis polisye nan inite espesyalize nan depatman an ak nan sou komisarya tè wouj la, ki twouve l sou wout nasyonal #3 a. Sitwayen sa yo ki santi yo menase aprè plizyè tantativ ki fèt sou yo, mande otorite yo pran responsablite yo.
Sou inisyativ plizyè òganizasyon nan sosyete sivil la, abitan Leyogàn yo te pran lari a tou. Se toujou pou egzije otorite bay ajan fòs lòd yo mwayen pou travay.
Abitan vil Leyogàn yo pran lari a akoz gang Viv Ansanm yo ki te deja fè plizyè atak sou komin nan. Nan sans sa, pwotestatè yo swete leta santral aji san pèdi tan yon fason pou ranfòse sekirite nan minisipalite a.
«Nou pap pèdi Leyogàn», se deklarasyon sa manifestan yo fè, pandan yo fè konnen yo pare pou pwoteje komin nan kont ensekirite a k ap vale teren an.
Manifestan yo pwofite mande otorite lokal ak nasyonal yo, pou yo pran bon jan mezi kont ensekirite a. Konsa, y ap kapab anpeche komin Leyogàn tonbe anba men gang ak zam yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025