Moun Dèlma 30 ki te kouri pou vyolans gang yo ayè madi 25 fevriye 2025 lan, al refijye yo nan lokal ministè Travo Piblik Transpò ak Kominikasyon (MTPTC) ki chita kò li nan Dèlma 33. Deplase sa yo anvayi espas la jodi mèkredi 26 fevriye 2025 lan.
Yon jou aprè bandi nan Viv ansanm te fin mete yo deyò lakay yo, abitan Dèlma 30 ak sila yo ki te nan kan Akra a oblije al tabli kò yo nan lakou MTPTC a. Moun sa yo ki kritike jan otorite yo pa fè anyen pou konbat fenomèn ensekirite a deklare yo pap dòmi nan lari.
Youn nan sitwayen sa yo fè kwè yo se moun Solino ak Dèlma 30. Li menm li pwofite lonje dwèt sou otorite leta yo kòm premye gang nan peyi a.
«Pi gwo gang nan se leta l ye, puiske se li k ap bay jèn yo zam nan geto yo», se sa deplase a deklare ak anpil kòlè.
Pi lwen, li mande moun yo pran responsablite yo paske, selon li menm, yon pèp pa dwe viv konsa. Li soulinye preyokipasyon l tou pa rapò ak jan popilasyon an lage nan lakou ministè a. Paske li di nenpòt lapli ki ta tonbe li pap bon pou yo.
Yon lòt kote, abitan yo denonse sekirite bwàt leta a ki pa sispann tire sou yo. Daprè sa yo di, se yon fason y ap fè pou yo ka kite lakou ministè a. Se sa ki fè yo tou pale sou elèv lise Horacius Laventure nan Dèlma 75, ki te tire wòch sou yo ayè madi a pou yo pa t al refijye yo nan lokal lekòl piblik sa.
«Jan y ap fè l la pa bon, ti pèp sa paka soufri ankò. Nou kouri twòp, nou paka kouri ankò», se sa youn nan deplase yo ki ak tout valiz rad li sou do l deklare.
Menm jan kèk moun Dèlma 30 ak Solino ateri nan lakou MTPTC an, se konsa kèk abitan ki sòti Solino al okipe espas ministè Zafè Sosyal ak Travay (MAST) tou. Bò kote pa yo, yo akize leta a kòm responsab sa ka p pase a.
«Pi gwo mal leta fè nou li vann peyi a epi li vann pèp la. Pito l te vann peyi a men l pa t vann nou», toujou selon sa moun sa yo rakonte.
Nan sans sa, deplase sa yo tou pwofite anonse yon operasyon atake leta. Mouvman sa, pou yo, se al pran bwàt leta yo ak kay kèk lidè politik pou yo ka dòmi.
N ap raple, ayè madi 25 fevriye a plizyè moun mouri nan nouvo atak nèg ak zam fè sou abitan Dèlma 30. Plizyè lòt te oblije kouri kite zòn nan yon fason pou yo pa t viktim.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025