Atravè yon nòt yo pibliye jodi vandredi 21 fevriye 2025 lan, responsab yo nan Misyon Sekirite ak Soutyen an (MSS) demanti enfòmasyon ki ta fè kwè yo gen sòlda ki mouri nan batay ak gang yo nan Kenskòf la. Yo fè sa yon fason pou denonse fo enfòmasyon k ap sikile sou rezo sosyo yo sou sòlda yo.
Nan nòt sa yo rann piblik la, MSS la fè konnen se moun ki vle yo pèdi batay la k ap bay move enfòmasyon sa yo. Li deklare se akoz yo wè operasyon serye yo kòmanse epi jou gang yo konte.
«Pwopagandis yo kòmanse simaye fo enfòmasyon pou di MSS pèdi sòlda nan Kenskòf. Mwen vle mete sa klè, MSS pa pèdi okenn manm li nan okenn afwontman ak gang nan Kenskòf. Okontrè, ansanm ak PNH la nou reprann estasyon repetisyon an nan zòn nan, e kounye a li byen pwoteje», se sa nou li nan nòt sa ki pote siyati kòmandan an chèf misyon an, Godfrey Otunge.
Nan nòt denonsiyasyon sa, Misyon Sekirite ak Soutyen an kwè se moun k ap tann yo echwe nan batay kont gang yo ki dèyè aksyon sa yo. Se poutèt sa, responsab yo deklare sa yo pa gen anyen pou wè ak reyalite a.
Pi lwen, li mete aksan pou l di yo menm ak Polis Nasyonal Ayiti a (PNH) antrene epi kontinye fè operasyon ansanm. E li soulinye sa fèt san okenn pwoblèm malgre tout pwopagann k ap fèt.
Kòmandan an chèf MMS la, mesye Otunge pwofite pou l pote presisyon sou kèk enfòmasyon ki ta fè kwè misyon l ap dirije a ap lage fot yo sou PNH la. Li deklare ant li menm ak Rameau Normil gen respè ak solidarite nan kad relasyon travay yo, e li presize se ansanm yo planifye ak òganize operasyon sekirite yo.
Nan nòt sa, MSS la pa sèlman denonse move enfòmasyon k ap sikile yo, men tou li avèti moun k ap fè manipilasyon sa yo pou di yo : «Yo pap reyisi». An menm tan, li fè kwè deklarasyon li yo pa gen anyen pou wè ak ni medya lokal yo ni entènasyonal yo.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025