Nan yon kominike yo sòti ayè jedi 13 mas 2025 lan, Ministè Jistis ak Sekirite Piblik (MJSP) di li kondane atak ki fèt kont Radyo Melodi FM ak Radyo Televizyon Karayib la. Se pou sa, li deklare libète laprès pa dwe atake.
«Libète laprès se yon bagay sakre e ki pa dwe vyole. Okenn gwoup kriminèl pap kapab entimide osnon fèmen bouch moun ki ap enfòme nasyon an», se sa MJSP deklare pandan l pwofite di se yon zak moun pa dwe aksepte. Se sa ki fè, li mande sitwayen yo pou yo ranfòse vijilans yo epi kolabore san pran souf ak lapolis yon mannyè pou rive idantifye e mete lènmi sa yo deyò nan Repiblik la.
Ministè lajistis tou pwofite nòt sa pou raple gouvènman an ap mete an aplikasyon estrateji ki ranfòse, yon fason efikas pou konbat ensekirite a.
«Gras ak mobilizasyon lapolis la ki ogmante, popilasyon an kòmanse wè gwo pwogrè nan domèn sekirite a», daprè sa yo fè konprann. Anplis, li fè konnen gouvènman an ap kontinye kenbe angajman l pou l garanti yon klima lapè ak sekirite nan peyi a.
N ap soulinye, nan sèl sware 12 pou louvri 13 mas 2025 lan, 2 medya ki chita kò yo nan kapital peyi a sibi atak gang ak zam. Medya sa yo, se Radyo Melodi FM, bandi yo kase, epi Radyo Televizyon Karayib kriminèl yo pase anba flanm dife.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025