Nan yon kominike yo rann piblik jodi madi 22 oktòb 2024 la, Ministè Jistis ak Sekirite Piblik (MJSP) fè konnen gen kèk endividi ki ta vle touye premye minis Garry Conille ak kèk manm nan kabinè li. Nan sans sa, ministè a di li deja mande pou otorite jidisyè ak polisyè yo pou pran dispozisyon pou garanti sekirite moun sa yo.
«Selon enfòmasyon li genyen, kèk endividi ki pa gen bon entansyon ki ap travay pou kèk sektè espesyal nan lavi nasyonal la vle fè tout sa yo konnen pou simen latwoublay nan peyi a. Moun sa yo vle fè atak sou lavi chèf gouvènman an, Dr Garry Conille, ak kèk manm nan kabinè ministeryèl li a», daprè sa ki di nan kominike a.
Menmsi yo pa bay pyès detay sou endividi sa yo, Ministè a fè konnen li gen bon jan ransèyman sou dosye sa. Se pou sa, li anonse depi kounye a ni lajistis ni lapolis ta dwe pran tout dispozisyon nesesè yo pou pwoteje lavi premye minis la ak lòt manm gouvènman an ki aktyèlman gen gwo menas sou lavi yo, toujou daprè sa ministè, Minis Carlos Hercule ap dirije a fè konprann.
Pandantan sa, MJSP tou pwofite envite popilasyon an pou kontinye ede lapolis ak fòs la goumen nan lide pou derasinen gang nan peyi a. E li pwomèt tou pou yo menm, yo kontinye fè tout sa k depann bò kote yo pou fè fas kare ak gwoup kriminèl yo. Paske, Ministè a raple misyon fòs Nasyonal yo ak etranjè a se tabli sekirite ak lapè piblik sou tout teritwa nasyonal la.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024