Nan yon nòt ki gen dat 16 fevriye 2025 lan, Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm (MCFDF) di li endinye devan zak ki fèt sou ti bebe a devan je manman l, Eliana Thélémarque. Se pou sa, li anonse l ap mete ak Ministè Lajistis ak Sekirite Piblik (MJSP) pou tout dispozisyon nesesè pran pou mete lapat sou asasen yo.
Nan menm nòt sa a, Ministè kondisyon fanm di se ak anpil dezolasyon li aprann nouvèl lanmò Eliana Thélémarque, manman ti bebe a. Li raple madanm sa se yon jèn manman pitit ki pa t jwenn chans chape anba vyolans gang yo.
Responsab yo nan MCFDF fè konnen jan l pa t fasil pou Eliana te konsole I, aprè kriminèl yo te fin rache pitit li nan men l epi lage l nan dife tou vivan. Yo fè konprann, depi lè yo aprann krim sa yo te mete yon ekip sou pye pou al chache idantifye madanm Thélémarque, puiske yo estime li te bezwen asistans sikolojik nan moman an.
Pi lwen, responsab yo fè kwè se ak anpil endiyasyon yo te rive aprann nouvèl lanmò madanm nan. Pandan yo soulinye lanmò sa kite yon gou anmè nan bouch yo nan ministè a.
Pou sa ki gen pou wè ak zafè sekirite nan peyi a, MCFDF deklare li kwè nan gwo batay gouvènman an ap mennen an pou rive retabli lòd nan peyi a. Li pwofite anonse, li menm ak Ministè Lajistis ap mete ansanm yon fason pou kapab pran tout mezi nesesè pou mete anba kòd asasen yo epi trennen yo devan tribinal. Pou responsab yo, se fason sa endividi yo ap ka peye pou krim sa yo fè sou ti bebe a e ki an menm tan lakoz lanmò manman an.
Pou fini, Ministè fanm plede kont vyolans sou moun an jeneral. Daprè sa l di, fanm kou tifi, gason kou tigason, manman kou papa dwe sispann viktim anba zak vyolans. Epi ministè a di tou fòk kraze brize, laperèz gang yo simaye nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan ak nan Latibonit la fini.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025