Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

Ministè Ayisyen k ap viv lòtbò yo di l preyokipe pou move kanpay k ap fèt sou Ayisyen nan dyaspora a

Mag Haiti by Mag Haiti
September 11, 2024
in Société
0

Aprè kandida pati Repibliken an, Donald Trump fin itilize yon fo enfòmasyon kont Ayisyen k ap viv nan vil Springfield nan Ohio pou fè kanpay politik li, Ministè Ayisyen k ap viv aletranje (MHAVE) yo eksprime enkyetid li pou seri deklarasyon sa yo. Selon yo menm se yon deklarasyon k ap diskrimine dyaspora ayisyen an Etazini.

Nan yon nòt ki pote dat 10 septanm 2024 la, MHAVE fè konnen jan li preyokipe akoz deklarasyon rasis sèten politisyen ameriken fè kont Ayisyen nan dyaspora a, sitou sila yo ki nan eta nou sot site yo.

«Malerezman, se pa premye fwa konpatriyòt nou yo lòtbò dlo ap viktim kanpay manti ak fo
enfòmasyon ki vize demounize yo pou enterè politik. Yon lòt fwa ankò, se pou nou menm Ayisyen kanpe ansanm pou di avèk yon sèl vwa, nou se moun», se sa ministè a ekri yon fason pou denonse move kanpay sa k ap fèt kont Ayisyen yo.

Nan nòt la, ministè a fè konnen minis yo a, Dominique Dupuy te chita jou ki te madi 10 septanm nan, ak plis pase 50 lidè kominotè, relijye ak responsab òganizasyon ki travay ak migran nan zòn sa yo ak nan lòt kote Etazini.

Li eksplike tou, rankont vityèl la ki te gen ladan l konseye Premye minis tranzisyon an, doktè Nikita Séjour te fèt nan lide pou manifeste solidarite yo ak kominote ki afekte ak move pawòl sa yo. Nan rankont sa, yo soulinye yo te defini ansanm repons ki adapte ak atak sa yo.

Pii lwen, responsab ministè a di li pa sèlman vle pote solidarite l, men tou li vle voye yon sinyal klè kote l voye jete ak tout fòs li move deklarasyon sa yo. Pawòl sa yo, daprè sa yo di atake diyite konpatriyòt ayisyen yo, e menm mete lavi yo an danje.

Nan sans sa, yo pwomèt yo ap evalye ak òganizasyon yo ki nan dyaspora a tout estrateji posib pou ede konpatriyòt nou yo ki viktim zak entimidasyon ak estigmatizasyon sa nan vil Springfield. Menm bagay la ap fèt tou lòt kote sa ta fèt e moun sa yo ap jwenn pwoteksyon otorite konpetan yo.

Yon lòt kote, MHAVE ankouraje tout inisyativ legal ki fèt pou defann dwa migran ayisyen yo. Pandan l fè konnen ak misyon diplomatik ak konsilè yo l ap deplwaye yon mekanis pou soutni epi sipòte Ayisyen nan dyaspora a, kèlleswa kote yo ye.

N ap raple, depi plizyè jou plizyè pèsonalite politik pa sispann pataje enfòmasyon sa a ki ta fè kwè migran ayisyen nan Etazini ap volè chat, zwa ak kana ameriken yo pou yo manje. Politisyen sa yo twouve yo nan kan Repibliken an, ladan yo nou jwenn ansyen prezidan ameriken an, Donald Trump, vis prezidan li nonmen an, ki se senatè vil Ohio, James David Vance, epi genyen tou mèt rezo sosyo ki rele X la, Elon Musk.

Fòk nou di, jouskaprezan se yon enfòmasyon otorite minisipal yo ak medya lokal nan vil Springfield yo pa sispann demanti, puiske yo deklare yo pa jwenn okenn plent konsa. Malgre sa, nan demach politik li Donald Trump sot soulinye nan lannuit madi 10 septanm 2024 la, enfòmasyon sa a nan premye deba prezidansyèl fas ak vis prezidan Kamala Harris, medya ABC News li menm te òganize nan Pennsylvanie.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024

Comments

commentaires

Nombre de vues: 825
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Konseye Prezidansyèl Laurent Saint-Cyr nonmen kòm premye Yale Peace Fellow nan Yale University

Next Post

Yon gwo gè eklate ant gang nan katye Boston ak Simon Pele

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Gang Ayiti yo gen pwòp klinik yo pou retire ògan moun yo kidnape

Yon gwo gè eklate ant gang nan katye Boston ak Simon Pele

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,365)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,879)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (33,983)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,786)

Nouveaux Articles

  • Haïti bénéficiera 283 millions de dollars venant de la Banque interaméricaine de développement
  • Depatmant sekirite enteryè Etazini an mete yon bout ak pwogram imanitè Biden nan
  • Haïti : 1,3 million de déplacés internes, un record selon l’OIM

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?