Yon jou aprè Prezidan dominiken an, Luis Abinader te fin anonse gouvènman li an ap depòte anviwon 10 000 ayisyen chak semèn, minis Zafè Etranjè a, Dominique Dupuy mande pou dwa Ayisyen konsène yo respekte tout bon jan akò ak trete entènasyonal yo mande sa.
Nan yon piblikasyon li fè sou kont X li jodi jedi 3 oktòb 2024 la, nimewo 1 MAE a di yo pran nòt sou anons otorite dominikèn yo te fè mèkredi 2 oktòb 2024 la. Desizyon sa konsène yon seri mezi ki prevwa depòtasyon jiska 10 000 sitwayen ayisyen chak semèn.
«Nou mande pou dwa fondamantal chak timoun, chak fanm ak chak gason ki konsène ak desizyon regretab sa a respekte tout bon vre, jan akò ak trete entènasyonal ki regle kesyon sa a mande sa», se sa minis lan ekri.
Yon lòt kote, minis Dupuy pwomèt pou l ranfòse san pèdi tan kapasite Anbasad ak Konsila ayisyen yo Sendomeng. Se yon fason ki selon li menm kapab sèvi pou pote èd nan diyite bay sitwayen yo ki an Repiblik Dominikèn.
Pandantan sa, minis Zafè Etranjè peyi a anonse Ministè Ayisyen k ap viv Lòtbò yo (MHAVE) pral reyini san pèdi tan ak òganizasyon sosyete sivil ak ajans entènasyonal ki travay sou zòn frontyè a yon mannyè pou jwenn pi bon mwayen pou bay akonpayman ak moun ki konsène ak mezi sa dominiken pral pran an.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024