Dominique Dupuy ki se minis Zafè Etranjè peyi a ki t ap patisipe nan 220yèm sesyon konsèy egziktif Òganizasyon Nasyonzini pou Edikasyon, Syans ak Kilti (UNESCO) mande ak kominotè entènasyonal la pou l pa detounen je l lwen peyi a.
« Nan lide pou pa fè silans, m ap pale antanke minis yon tè libètè ki transfòme tankou yon alkatras. Yon Ayiti kote tout domèn UNESCO travay yo, anba atak. Anplis menas ki genyen sou ledikasyon, lakilti ak lasyans, sektè enfòmasyon an, ki se poto mitan tout sosyete demokratik pa epanye. Jounalis ap sibi atak lanmò, genyen dezenfòmasyon, ak asèlman anliy k ap malmennen lespri sitwayen m yo, espesyalman jèn yo », daprè deklarasyon minis la.
Dominique Dupuy ki mete aksan sou sitiyasyon k ap deteryore nan peyi a, fè konnen l tounen yon veritab teyat vyolans ak dezespwa. Pi lwen, li fè konnen peyi a gen yon batay ant edikasyon ak grangou, pandan l soulinye se vyolans ki ap fè ravaj. « Plis pase 12 milyon moun nan pèp mwen an anba men 2 000 bandi », daprè sa li di.
Yon lòt kote, minis Zafè Etranjè a pale sou 6 milyon konpatriyòt k ap viv nan grangou ak move lavi. Li peze tou sou fanm ak tifi ki daprè sa l di sibi plis toujou vyolans gang ak zam yo. Se sa k fè li site sòti janvye ak me ane 2024 la, se plis pase 4 000 moun ki ravaje akoz vyolans sou jan (VBG) yo sibi.
Mete sou sa, minis la dekri nan asanble a kòman jounen jodi a espas lekòl yo transfòme an refij. Kote olye gen lekòl k ap fonksyone nòmalman ladan yo se pito plizyè milye moun ki kouri kite lakay yo akoz vyolans gwoup gang yo ki abie nan yo. E gang yo pa neglije rekrite timoun yo ak tout fòs yo.
« M ap mande nou pou nou pa retire je nou sou peyi m, nou kapab kanpe rigòl san sa ki pa sispann koule a. Pa fè anyen, pa di anyen ap fè ni nou menm ni mwen menm konplis ak sitiyasyon inakseptab sa a », se pawòl sa yo Dominique Dupuy deklare pandan li rann omaj ak tout moun ki te viktim 3 oktòb 2024 la, nan masak Ponsonde a.
Nan yon lòt tan, li fè responsab UNESCO yo konprann yo pa dwe rete ensansib ak politik rasis k ap fèt kont Ayiti a. Keseswa nan vil Oyo pase pran Repiblik Dominikèn kote li soulinye anpil depòtasyon ap fèt. Men tou, li pa bliye di kòman kominote entènasyonal la fèmen je l pandan Ayisyen yo yo menm fè fas ak lanmò chak jou ki pase.
« Nou paka rete an silans ankò devan 500 000 mil Ayisyen ki vize ak yon politik depòtasyon pa pil ak pakèt. Nan vyolasyon dwa moun ak vyolasyon trete entènasyonal yo kote nou menm nou se gadyen yo isit la. Se yon operasyon ki pa epanye pyès moun kit tibebe ki apèn ap tete lèt manman yo, oswa jèn fanm yo pran nan lannuit »
Pou fini, madanm Dupuy mande pou UNESCO sipòte plan aksyon tranzisyon an, menm yo menm te ekri a. E li priye yo an gras pou yo pa pare kò yo pou patisipe nan seremoni komemorasyon nan lonè viktim yo pa t janm vle ede yo, ni pou fè yon minit silans pou lòt masak ki ka fèt an Ayiti paske li estime si yo aji malè ki sou Ayiti a ka pa kontinye.
Pandantan sa, li menm li fè yo konprann li menm antanke diplomat l ap toujou itilize laverite kòm pawòl ak sèl grenn zam li genyen. Paske, li di li kwè li lè li tan pou silans la sispann.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2024