Minis Touris la, John Herrick Dessources deklare ayè samdi 8 fevriye 2025 lan, se pa ensekirite ki fè touris pa antre Ayiti. Li fè deklarasyon sa nan okazyon atelye ki t ap fèt anba tèm yon nouvo diskou sou peyi a nan tèt kole ak Solidarite Fanm Ayisyen Jounalis yo (SOFEHJ).
«Se pa ensekirite a nou genyen ki fè fòseman touris pa antre lakay nou. Moun yo pa vini an Ayiti paske jodi a lè pou yo vini yo gen yon pwoblèm konektivite», daprè pawòl minis John Herrick Dessources. Pou defann pozisyon li an, li site plizyè peyi nan mond lan tankou Meksik, ak Jamayik ki gen pwoblèm sekirite, men ki yo menm toujou resevwa vizitè.
Daprè li menm, nan yon premye tan gen yon pwoblèm vòl dirèk ki relye lòt peyi ak divès vil nou yo. Pa gen yon ayewopò entènasyonal nan Sid la. Nan Nò a menm, li soulinye pa gen bon lapwòtay epi pa gen bon jan sèvis nan espas yo. E espas touristik yo manke gen bon jan bagay ki pou atire moun yo.
Nan yon lòt tan, li defann se paske Ayisyen plede rakonte bagay negatif, pibliye move imaj ak bay move nouvèl sèlman sou peyi a ki fè touris pa vle vini an Ayiti.
Nan sans sa, li di nou genyen yon responsabilite, puiske nou dwe miltipliye aksyon pou n pale bon bagay yo tou sou Ayiti. Li pwomèt tou l ap batay pou mete yon ayewopò entènasyonal nan Sid la pandan l ap mete kouran nan okay, epi panse sou yon lòt kreyasyon aktivite toutistik espesyalman nan sit nou yo.
© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2025