2 jou aprè 2 jounalis, yon polisye te pèdi lavi yo epi 9 lòt te sòti blese ak bal nan yon atak bandi te fè sou lopital Jeneral, minis sante a, Duckenson Lorthe Blema pa nan pòs la ankò. Selon redaktè an chèf jounal Le Nouvelliste la, Frantz Duval, se minis jistis la Patrick Pelissier ki ap asire Plas la annatandan yon lòt moun nonmen.
Menmsi poko gen okenn piblikasyon ofisyèl sou revokasyon minis Lorthe a, sa pa anpeche akizasyon yo kontinye tonbe sou do li. Puiske, asosiyasyon medya tankou Asosiyasyon Ayisyen Medya Anliy yo (AHML) yo nan yon nòt yo te pibliye ayè jedi 25 desanm nan, te denonse l kòm moun ki se premye responsab zak malonèt sa a.
Nan nòt sa, asosiyasyon an fè konnen se minis lan menm ki te bay jounalis yo randevou. Alòske fòs lòd yo pa t menm okouran sou sa l ta pral fè nan lopital la, madi 24 desanm pase a.
Pou sa ki gen pou wè ak viktim yo, gouvènman an li menm nan kominike li pibliye jodi jedi 26 desanm 2024 la pwomèt jistis ak reparasyon pou viktim yo. Daprè sa laprimati di, keseswa kòb lopital viktim ki entène yo, kòb antèman jounalis ak polisye ki mouri yo oubyen èd materyèl ak sikolojik fanmi moun sa yo tout ap sou kont premye minis lan.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024