Anviwon 70 migran Ayisyen rive ayè jedi 12 janvye 2023 a nan zòn Virginia Key sou yon vwalye. Malgre nouvo lwa aplikasyon gouvènman Biden lan di, nenpòt moun yo kenbe ki antre ilegalman nan peyi yo a ka sanksyone pou 5 lane san yo pap ka pile tè ameriken an, sitwayen Ayisyen yo sanble plis anvi tante chans yo.
Pandan dènye jou sa yo, migran ayisyen yo pa sispann tanmen demach pou antre Etazini. Daprè detay lyetenan Pete Sanchez, k ap travay nan zafè dife nan vil Miami, te gen antou 21 granmoun ak 4 timoun ki te prefere naje pou rive bò kot la, epi gen anviwon 40 lòt ki te deside rete sou ti bato a.
Daprè temwanyaj kèk nan sitwayen sa yo jounal Miami Herald fè konnen, ti bato sila te sòti Pòdepè depi dimanch ki te 8 janvye a avan yo resi debake nan Virginia Key. Pou kounya daprè deklarasyon otorite konsène yo, migran sa yo ap pran swen nesesè paske daprè sa otorite yo fè konnen gen nan yo ki gen fyèv epi menm gen sila yo ki dezidrate.
N ap raple sòti nan mwa desanm 2022 pou rive kounya se plis migran Ayisyen ak Kiben ki plis pran chans pou antre nan peyi Joe Biden lan.
Se pou sa, gouvènè Florid la, Ron DeSanti te blije pibliye yon nouvo dekrè ijans vandredi ki te 6 janvye a, kote l mobilize gad nasyonal Florid la ak tout enstans ki jere zafè aplikasyon lalwa tankou: Florida Highway Patrol, Florida Fish and Wildlife Conservation, ak Florida Departement of law Enforcement pou jere kesyon migrasyon masif sa, epi frennen “katastròf majè sa” ki depase otorite lokal yo, selon sa gouvènè a te di.
Photo: Haititweets
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023