Avoka ayisyen an Aspyl Magloire ta rive pèdi lavi l ayè dimanch lan anba bal ravisè ki te kidnape l depi plizyè jou selon sa radyo Mega fè konnen nan dènye edisyon nouvèl li a jodi lendi 3 jiyè a.
Nèg ak zam te kidnape avoka Aspyl Magloire depi vandredi 23 jen 2023 a selon menm sous la. Viktim nan te genyen madanm li ak yon lòt moun nan machin li nan moman zak sila t ap fèt pandan li t ap kite lakay li.
Menm sous la fè konnen bandi yo te mande yon zafè 50 000 dola ameriken pou liberasyon avoka a. Aprè plizyè jou li pèdi lavi li selon radyo Mega ki te pale ak frè viktim nan. Sous la pa presize si 2 lòt moun yo libere, men li fè konnen se ta youn nan asasen yo ki bay frè viktim nan nouvèl la.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023