Nan yon kominike ofisyèl yo pibliye nan lannuit madi 25 fevriye 2025 lan, komisyon minisipal Taba a di li kondane ak tout fòs lizak vyolans ki fèt sou abitan yo nan komin nan, sitou sila yo ki nan nan Taba 27. Atak sa fèt nan lannuit 24 pou rive 25 fevriye pase a.
Nan nòt sa ki pote siyati prezidan komisyon an, Arsonval Alexandre, otorite kominal yo fè konnen pa dwe gen tolerans pou zak vyolans sa yo. Kote menm zak sa yo pote ale lavi sitwayen trankil, yo di sa konsa san yo pa soulinye kantite moun ki viktim nan masak bandi yo fè a.
Konsèy minisipal la mande popilasyon an rete solidè youn anvè lòt. Se sa selon yo menm ki kapab ede yo depase sitiyasyon sa yo kalifye kòm yon dram.
Yon lòt kote yo mande tou pou yo sipòte lapolis ak lajistis : «Travay kole kole ak otorite lapolis ak jidisyè yo pou n gen asirans sekirite ak trankilite retabli nan minisipalite a», se sa nou li nan kominike a.
Pou fini, manm yo nan komisyon an di yo rete detèmine pou sipòte manm popilasyon an nan sitiyasyon difisil sa l ap viv la.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025