Prezidan Konsèy kominal Pòtoprens lan, Youri Chevry anonse nan mikwo laprès l ap fè demach pou Pòtoprens gen kanaval kanmenm ane sa. Demach sa yo ap fèt alòske aktyèlman lameri Pòtoprens gen kontwòl sèlman Kanapevè, Boudon ak Kriswa.
Pandan menas gang yo pandye sou tèt plizyè zòn nan depatman Lwès la, kote komin Kenskòf ak Dèlma ap pran mezi pou pwoteje popilasyon pa yo a, majistra Pòtoprens lan li menm vle òganize aktivite kanavalès nan kapital la. Tout sa se paske li deklare li kwè Pòtoprens se yon vil kanaval kidonk li dwe gen yon bagay ki fèt ladan l.
Ajan enterimè a fè kwè lakilti se lavi pèp ayisyen an se pou sa li deklare nan mikwo travayè laprès yo : « Pòtoprens se yon vil esansyèlman kiltirèl, mwatye nan atis ki sèvi avèk fè yo 3/4 ladan yo se Pòtoprens yo pran nesans, alòs nou paka bay kanaval do ».
Yon lòt kote, Mesye Chevry tante jistifye tèt li avèk demach pou fè moun danse nan sant vil peyi a. Nan sans sa, li eksplike gen anpil moun ki viv nan zafè kanaval e li di li gen yon pati ki panche tou sou endistri mizik la. Kidonk, Youri Chevry pwomèt li menm ak tout ekip li a pral fè sa ki nan pouvwa yo pou pèmèt moun Pòtoprens viv moman sa.
Fòk nou di, depi kèk tan tout Pòtopens sal, epi santi ak vye dlo epi ma labou. Anba lavil, Bisantnè, Pòsmachan, Nazon, Kafoufèy ak anpil lòt zòn ki sou kote yo tounen VAR.
N ap raple, kanaval nasyonal ane sa ap fèt nan vil Fòlibète. Sòti 2 pou rive 4 mas 2025 k ap vini la.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025