Nan yon kominike yo rann piblik jodi jedi 6 fevriye 2025 lan, meri Petyonvil fè konnen li entèdi tout aktivite kanaval sou komin nan pou ane 2025 lan. Responsab yo di yo pran desizyon sa a yon fason pou kapab evite mete lavi moun yo an danje sitou nan kontèks sekiritè peyi a ye a.
«Okenn selebrasyon kanavalès pap fèt nan komin Petyonvil ane sa», se sa nou li nan kominike sa ki pote siyati prezidan Komisyon minisipal la, Kesner Normil ki pale ak tout moun espesyalman bann a pye ak bann Rara yo. Pi lwen, li kontinye pou di : «Nou entèdi kèlkeswa bann defile pou okipe lari a ak plas piblik yo».
Nan ka kontrè a, responsab yo anonse ap gen gwo sanksyon pou moun ki pa respekte mezi sa. Nan sanksyon yo vize yo, yo fè konnen moun yo ap non sèlman jwenn arestasyon yo nan men otorite polisyè yo, men tou y ap peye 150 mil goud kòm amann.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025